Skip to Content Skip to Footer
Delaware Wic Site Logo
  • Bay tete
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Vle Aprann Plis?
  • Kreyòl
    • English
    • Español
2025-2027 Delaware WIC

Gid Pwogram

Enfòmasyon pou Patisipan yo
  • Lakay
  • Gid Pwogram
  • Manje pou Tibebe
  • Pwodui Letye
  • Fwi ak Legim
  • Pwoteyin
  • Grenn Antye
  • Sereyal Pou Manje Maten
  • Ji
  • Fason pou Itilize Avantaj eWIC Ou yo
  • Dwa ak Responsablite
    Ou Genyen
  • Randevou WIC yo
  • Sa pou w Pote nan
    Randevou w genyen avèk WIC la
  • Konsèy ak Rapèl sou
    Acha
Telechaje
Vandè WIC Otorize

Lis Manje WIC Delaware ak videyo ki dekri chak kategori manje!

Manje pou Tibebe

Fwi ak Legim

  • Yon sèl fwi oswa fwi melanje
  • Yon sèl legim oswa legim melanje
  • Melanj fwi ak legim

Beech-Nut

2nd Foods
(Bokal 4 oz.)

Beech-Nut
Organic

2nd Foods
(Bokal 4 oz.)

Gerber-2nd-Foods

Gerber

2nd Foods
(2 pake)

Gerber Organic

2nd Foods
(Bokal 4 oz.)

Happy Baby

2nd Foods
(Bokal 4 oz.)

PA KA ACHTE:
desè, dine, tat fwi, ti gato, krèm, yogout, melanj, Beech-Nut Naturals, DHA/ARA, oswa sik ajoute, lanmidon, oswa sèl

Vyann

resipyan 2½ oz.
  • Yon sèl vyann avèk bouyon
  • Yon sèl vyann avèk sòs
Ti Bebe ki Nan Tete Sèlman
Gerber 2nd Foods

Gerber

2nd Foods

PA KA ACHTE:
dinners, graduates, sticks, oswa organic

Sereyal Tibebe

resipyan 8 oz. ak 16 oz.
Chwa ki otorize nan sereyal ki gen yon sèl kalite grenn sa yo:
  • Plizyè grenn
  • Avwàn
  • Ble antye

Beech-Nut

gerber-img

Gerber

PA KA ACHTE:
sereyal ak fwi ajoute, lèt tibebe, DHA/ARA, oswa òganik.

Lèt Tibebe

Se sèlman mak la, kalite a (poud, konsantre oswa pare pou itilize), ak gwosè yo preskri patisipan ki nan pwogram WIC lan.
PA KA ACHTE:
nenpòt lòt mak, kalite, oswa gwosè
Ou pral oblije kontakte biwo lokal WIC ou a pou w retounen oswa chanje lèt.

Pwodui letye

Lèt

  • Timoun ki gen 1 lane yo bwè lèt antye
  • Timoun ki gen ant 2 ak 5 lane ak fanm yo bwè lèt ki gen ti kras grès (1%) oswa ki pa gen grès (san krèm)
Mak magazen oswa mak magazen deziyen
Kalite pwodwi ak gwosè jan sa endike sou avantaj aktyèl yo
  • Fre (ki pa awomatize)
  • Antye, ki gen ti kras grès (1%), san krèm
  • Laktoz ki redwi (antye, ti kras grès (1%), san krèm)
  • Lèt evapore (antye, ti kras grès (1%), san krèm)
  • "Tanperati ki Wo Anpil" (antye, ti kras grès (1%), san krèm) (egzanp: Parmalat, Natrel, elatriye)
  • Lèt an poud
PA KA ACHTE:
lèt awomatize, lèt kri ki pa pasterize, pa letye ranplasan lèt, òganik, oswa altènatif lèt

Lèt Soja

Resipyan mwatye galon

8th Continent

Original

Bettergoods

Original

Silk

Original

PA KA ACHTE:
lèt awomatize, lèt kri ki pa pasterize, pa letye ranplasan lèt, òganik, oswa altènatif lèt

Fwomaj

pake 1 lb. oswa 8 oz. (8 oz. oswa 16 oz.)
Mak magazen oswa mak magazen deziyen
Chwa ki otorize pou sa yo:

  • Fwomaj Ameriken yo Trete epi ki Pasterize

  • Cheddar (blòk oswa rape)

  • Mozzarella (blòk oswa rape)
PA KA ACHTE:
fwomaj enpòte, manje, pwodwi, oswa tatinad fwomaj, fwomaj ki gen savè ki ajoute, tranch ki vlope endividyèlman, òganik, Velveeta, Cheez Whiz, Kraft Singles, pwodwi ki ba gen anpil grès oswa ki pa gen anpil sodyòm, fwomaj graje oswa an baton, fwomaj tranche, pake ki gen varyete (sa vle di, Ameriken/Swis)

Yogout

Resipyan 32 oz. regilye oswa grèk, senp, oswa gou vaniy sèlman
Grès antye, ti kras grès, san grès ditou jan sa endike sou pake manje a

Axelrod

Best Yet

Cabot

Chobani

Coburn
Farms

Dannon

Essential
Everyday

Food Lion

Stonyfield
Organic

Giant

Great Value

LaLa

La Yogurt

Lucerne

Shop Rite

Weis

Yoplait

Lòt chwa ak gou yo otorize:

Yoplait Go-Gurt

(uit (8) tib 2 oz.)
(sèz tib 2 oz.)

Yoplait Kids

(uit (8) tas 4 oz.)

Activia

(kat (4) pake tas 4 oz.)

Silk Soy

(24 oz.)

PA KA ACHTE:
yogout ou ka bwè, ak sa ki melanje ak engredyan tankou: granola, moso sirèt, siwo myèl oswa nwa

fwi ak Legim

Fre

  • Nenpòt varyete fwi ak legim an gwo ki fre
  • Fwi nan sachè
  • Sachè salad melanje (san sòs, kwouton, nwa, oswa vyann ajoute)
  • Legim nan sachè ak sa ki pa anbale
  • Bòl fwi oswa legim koupe (san sòs ni tranpèt)
  • Fèy ki fre (yo koupe nan rasin oswa avèk tout rasin nan)
  • Òganik
PA KA ACHTE:
fwi sèk, legim sèk, epis (sètadi, gous vaniy, baton kanèl), fèy ki nan po, ki seche, oswa yo transfòme nan yon sèl fòm

Jele

  • Senp
  • Legim jele: regilye oswa tikras sodyòm
  • Fwi jele: li pa kapab gen sèl
  • Fèy ak epis ajoute
PA KA ACHTE:
avèk sik ajoute oswa siwo, avèk kalori atifisyèl, ki redwi, oswa awòm ki pa gen kalori, avèk diri, pat alimantè, oswa ti moso pen, avèk sòs, fwomaj, oswa lèt, avèk bè, grès, luil, oswa vyann, soup, fèy poukont yo

Nan Bwat

  • Dlo oswa ji ki anbale
  • Legim ki nan bwat: regilye oswa tikras sodyòm
  • Fwi ki nan bwat: li pa kapab gen sèl
  • Fèy oswa epis ajoute
PA KA ACHTE:
dlo kòm prensipal engredyan, avèk sik oswa siwo, avèk kalori atifisyèl, ki redwi, oswa awòm ki pa gen kalori, avèk bè, grès, luil, oswa vyann, avèk diri, pat alimantè, oswa lòt sereyal, avèk vinèg, legim ki marinen, sezonnman, oliv, oswa kètchòp, soup, sachè

Pwoteyin

Ze

Yon douzèn, gwo, blan sèlman
Mak magazen oswa mak magazen deziyen
PA KA ACHTE:
ze mawon, ze poul pondez, ze espesyalite (Eggland’s Best oubyen EggsPlus), oswa òganik

Manba ki fèt ak nwa

Bokal 16-18 oz.
Manba ki fèt ak pistach oswa zanmann
  • Ki epè
  • Ki krip
PA KA ACHTE:
manba an poud, tatinad manba, manba ak savè ajoute oswa manba fòtifye, natirèl, oswa òganik

Pwa, Pwa Frans, Lantiy

Mak magazen oswa mak magazen deziyen
Seche
  • Sachè 1 lb (16 oz.)

Nan Bwat

  • Bwat 15 a 16 oz ki anbale nan dlo
PA KA ACHTE:
melanj soup oswa pwa ki melanje avèk epis oswa vyann

Pwason

Jiska 30 oz.
Mak magazen oswa mak magazen deziyen
Disponib pou manman k ap bay tete sèlman ak manman ansent oswa manman k ap bay tete ki gen marasa oswa triplè.
Gwo Moso Ton Pal
  • Ki anbale nan dlo (bwat 5 oz.)
Somon Sovaj Alaska oswa Somon Woz
  • Ki anbale nan dlo (bwat 5 oz., 7.5 oz., oswa 14.75 oz.)
Manman Ki Ap Bay Tete Sèlman
PA KA ACHTE:
ton albacore, tatinad ton, oswa nenpòt lòt kalite somon, pake lunch, oswa pwason ki gen savè ajoute

GRENN ANTYE

100% Ble Antye oswa Tòtiya Mayi

Pake 1 lb. (16 oz.)
Mak magazen oswa mak magazen deziyen

Bowl & Basket

100% Whole Wheat

Chi-Chi’s

100% Whole Wheat Corn Tortillas

Essential Everyday

100% Whole Wheat Corn Tortillas

Don Pancho

100% Whole Wheat Corn Tortillas

Food Lion

100% Whole Wheat

Giant

100% Whole Wheat Corn Tortillas

Great Value

100% Whole Wheat

La Banderita

100% Whole Wheat Corn Tortillas

Nature’s Promise

Whole Wheat

Mi Casa

Whole Wheat

Mission

100% Whole Wheat Corn Tortillas

Ortega

Whole Wheat

Shop Rite

100% Whole Wheat

Siempre Autentico

Whole Wheat Flour

Signature Select

100% Whole Wheat

Tio Santi

100% Whole Wheat

Weis

100% Whole Wheat

Pen 100% Ble Antye

Pake 1 lb. (16 oz.)
Mak magazen oswa mak magazen deziyen
Pen 100% ble antye sèlman. Fòk farin ble antye a se premye engredyan ki nan lis la.

Pat Alimantè ki Fèt ak 100% Ble Antye

Pake 1 lb. (16 oz.)
Mak magazen oswa mak magazen deziyen

Diri Mawon 100% Ble Antye

Pake 1 lb. (16 oz.)
Mak magazen oswa mak magazen deziyen

KINOWA

pake 12 oswa 16 oz.

Nature’s Promise Organic

Classic Quinoa
Tri-Color Quinoa

Organics

Classic Quinoa
Tri-Color Quinoa

SEREYAL POU MANJE MATEN

Sereyal Frèt

bwat ant 8.9 oz. jiska 36 oz.

General Mills

Bluey

Cheerios

Hearty-Nut-Medley-Cheerios

Hearty Nut Medley Cheerios

Multi-Grain
Cheerios

Cinnamon
Chex

Corn Chex

Rice Chex

Strawberry Vanilla

Strawberry Vanilla Chex

Wheat Chex

Kix

Total
Whole Grain

Wheaties

Kashi

Organic
Honey
Toasted

Kellogg’s​

All-Bran
Complete
Wheat Flakes

Corn Flakes

General Mills

Crispix

Frosted
Mini-Wheats
Little Bites

Frosted
Mini-Wheats
Original

Rice Krispies Product

Rice Krispies

Post

Grape-Nuts
The Original

Quaker

Life
Original

Oatmeal
Squares
Brown Sugar

Oatmeal
Squares
Cinnamon

PA KA ACHTE:
okenn sereyal oswa mak ki pa nan lis la

Asire w pa depase kantite ons yo endike sou avantaj aktyèl ou yo.

Sereyal Cho

bwat ant 8.9 oz. jiska 36 oz.

B&G

Cream of Rice
(regilye)

Cream of Rice
(sachè)

Cream of Wheat
Original
2½ Minute

Cream of Wheat
Original Instant
(sachè)

Cream of Wheat
Whole Grain
2½ Minute

Cream of
Wheat Whole
Grain Instant
(sachè)

Quaker

Cream of
Wheat Whole
Grain Instant
(sachè)

Instant Oatmeal
Original
(pake ki pou yon
sèl moun)

Instant Grits
Original

PA KA ACHTE:

okenn sereyal oswa mak ki pa nan lis la

Fason Pou Achte Sereyal
OSWA
OSWA
OSWA

Ji

100% Ji Fwi Sèlman

  • San sik ajoute
  • Ki pa òganik ni DHA
  • Ki pa ji tibebe
  • San kòktèl ji, bwason, oswa ades
  • San kalsyòm ni fib fòtifye

Ji pou Fanm

Konsantre ki jele 11.5-12 oz.
Mak magazen oswa mak magazen deziyen

Best Yet

Apple
Orange

Essential Everyday

Apple
Orange

Food Lion

Apple
Orange

Giant

Apple
Orange

Great Value

Apple
Orange

Old Orchard

Nenpòt gou avèk
yon kouvèti vèt

Seneca

Apple

Shop Rite

Apple
Orange

Signature Select

Apple
Orange

Tipton Grove

Apple
Orange

Tree Top

Apple
Orange

Weis

Apple
Orange

Welch’s

Nenpòt gou avèk
yon bann jòn

Ji pou Timoun

Boutèy plastik 64 oz.
Mak magazen oswa mak magazen deziyen

Juicy Juice

Nenpòt gou
San Sipriz pou
Rekòt

Lucky Leaf

Apple

Musselman’s

Apple
Premium Apple

Old Orchard

Nenpòt gou avèk yon kouvèti vèt

Seneca

Apple

Signature Select

Apple
Orange

White House

Apple

  • Di WI pou koupon yo, òf espesyal yo, ak kat rabè magazen yo!
  • Di NON pou koupon, ranbousman, ak rekonesans dèt (IOU) yo.

Fason pou Itilize
Avantaj eWIC Ou yo

  1. Chwazi yon magazen WIC Delaware otorize.

  2. Chwazi atik ou vle achte yo nan lis makèt ou a oswa nan kantite lajan ki rete nan avantaj la.
  • Ou pa oblije achte tout atik ki nan lis makèt ou a.
  • Yo pa aksepte koupon pou atik ki pa estoke yo.
  • Si yon magazen ofri w yon koupon, denonse magazen an nan klinik WIC lokal ou a.
  • Si magazen an pa gen atik ou bezwen an (yo), tanpri mande asistans anvan w peye kòmand ou a. Si atik la (yo) pa disponib, ou kapab eseye yon lòt magazen.
  1. Anvan ou tcheke nenpòt manje, di kesye a w ap itilize yon kat eWIC.
  2. TOUJOU ITILIZE KAT eWIC OU A AVAN TOUT LÒT FÒM PÈMAN (Pwogram Asistans Nitrisyonèl Anplis (Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP), kat kredi, kat debi, elatriye).
  3. Glise kat eWIC ou nan machin pwen lavant lan (Point of Sale, POS) oswa remèt kat eWIC ou a bay kesye a.
  4. Antre PIN ou a epi peze bouton “enter” a sou klavye a.
  5. Y ap retire kantite manje ki apwouve yo ak kantite lajan an dola pou fwi ak legim ou achte nan avantaj eWIC ou yo.
  6. Kesye a ap ba ou yon resi ki montre balans avantaj ou yo ak dat ekspirasyon avantaj yo.

DWA AK RESPONSABLITE OU GENYEN

M ap:

  • Enfòme anplwaye WIC yo si mwen pa ka kenbe randevou mwen an, anvan mwen rate li.
  • Enfòme anplwaye WIC yo si gen chanjman nan sitiyasyon kalifikasyon mwen an.
  • Pote Prèv Idantifikasyon mwen pou chak vizit nan klinik WIC lan.
  • Sèvi ak kat WIC lan byen. M ap:
  • Kenbe li pwòp, lwen leman ak aparèy elektwonik yo, epi pa kite li nan limyè solèy.
  • Pwoteje kat eWIC mwen an ak PIN mwen an.
Fè atansyon pou pa pataje kat eWIC mwen an ak kòd PIN mwen an. Avantaj manje yo p ap ranplase si kat eWIC mwen te abize akòz yon moun mwen te bay kat eWIC mwen a ak/oswa kòd PIN mwen an.
  • Enfòme anplwaye WIC yo si kat eWIC mwen an pèdi oswa yo vòlè li.
  • Achte sèlman manje ki sou lis makèt mwen an. Pa aksepte ranplasman, koupon oswa rekonesans dèt (IOU) yo.
  • Aprann dezyèm paran mwen an ak/oswa reprezantan ki otorize a itilize kat eWIC lan kòrèkteman. Mwen responsab pou aksyon yo.
  • Enfòme anplwaye WIC yo sou nenpòt plent oswa pwoblèm ki konsène magazen an.

SONJE

  • Yo pral pran kèk mezi tankou wotè, pwa ak yon tès san pou emoglobin kòm yon pati pou detèmine kalifikasyon pou pwogram WIC a.
  • Mwen responsab aksyon dezyèm paran mwen an ak/oswa reprezantan an.

Règleman WIC yo

  • Mwen kapab oblije ranbouse depans pou manje WIC mwen te resevwa yo oswa yo kapab retire mwen nan pwogram WIC lan ak/oswa pran aksyon legal kont mwen si mwen:
  • Pa di laverite.
  • Eseye patisipe oswa patisipe nan plizyè pwogram WIC an menm tan.
  • Eseye jwenn oswa jwenn avantaj WIC yo sou yon lòt non.
  • Eseye achte oswa achte manje oswa nenpòt lòt atik ki pa otorize sou lis makèt WIC mwen an.
  • Eseye retounen oswa chanje nenpòt nan manje mwen yo ak/oswa lèt ti bebe WIC otorize mwen yo.
  • Eseye vann, oswa bay kat e-WIC mwen an oswa youn nan avantaj WIC mwen yo (manje, lèt an poud, ponp pou tete). Sa gen ladan l òf ki fèt vèbalman oswa piblikasyon yon òf sou papye oswa sou entènèt.
  • Itilize yon langaj ki agresif, menasan oswa vyolan ak moun ki nan biwo WIC lan oswa nan magazen yo.

PATAJ ENFÒMASYON

Mwen konnEN enfòmasyon yo bay Pwogram WIC lan ki idantifye yon moun kapab pataje avèk anplwaye pwogram WIC lan, Divizyon Sante Piblik (Division of Public Health) la oswa resonsab Ministè Agrikilti Etazini (U.S Department of Agriculture, USDA) yo. Yo kapab devwale yo bay reprezantan Direktè Sante Piblik la te chwazi a nan lòt pwogram sante avèk asistans sosyal k ap sèvi patisipan ki nan pwogram WIC lan tankou Rejis Vaksinasyon Delaware a. Yo itilize enfòmasyon sa yo sèlman pou evalye si patisipan WIC yo kalifye pou pwogram sa yo avèk objektif pou sansibilizasyon. Yo te enfòme m sou dwa ak obligasyon mwen genyen nan pwogram lan. Mwen sètifye enfòmasyon mwen bay pou detèmine kalifikasyon mwen an kòrèk daprè sa mwen konnen. Fòm sètifikasyon sa a reyalize nan kontèks pou resevwa asistans federal. Responsab pwogram yo kapab tcheke enfòmasyon ki nan fòm sa a. Mwen konprann si avèk pwòp volonte m mwen fè yon deklarasyon ki fo oswa ki bay manti oswa si mwen defòme, kache oswa kenbe enfòmasyon yo, mwen riske peye Ajans Eta (State Agency) a ak lajan kach, valè avantaj manje yo te ban mwen ilegalman yo e ka mete m fas a sanksyon sivil oswa kriminèl daprè lwa eta a oswa lwa federal la. Mwen kapab fè apèl kont nenpòt desizyon ajans lokal la pran konsènan kalifikasyon mwen an pou pwogram nan. Mwen pral rele klinik la oswa biwo ajans leta a nan 1-800-222-2189 si mwen pa dakò oswa si mwen gen kesyon sou yon desizyon ki pran nan klinik la.

Randevou WIC yo

Telechaje
Sonje: Pwoteje kat eWIC ou a ak PIN ou a. Yo p ap ranplase avantaj ki te depanse yo.

Telechaje aplikasyon WIC shopping lan!

Gade epi resevwa notifikasyon pou randevou ak avantaj ou yo.

Si w rate randevou WIC ou a:

  • ou kapab retade pèman avantaj ou yo,
  • ou kapab pèdi avantaj ou yo oswa
  • yo kapab mete w deyò nan WIC.
Rele klinik la imedyatman pou yon lòt randevou.

SA POU W POTE NAN
RANDEVOU W GENYEN AVÈK WIC:

Nan jou randevou a, pa bliye pote dokiman yo te mande w yo!
Prèv Idantite (Egzanp):

  • Pyès idantite ki gen foto
  • Lisans chofè
  • Kat etidyan
  • Batistè
  • Kat Medicaid Delaware
  • Paspò
  • Kat Militè

Prèv Idantite pou Timoun oswa Ti bebe (Egzanp):

  • Batistè
  • Dokiman fanmi akèy/adopsyon
  • Kat Medicaid Delaware
  • Kanè vaksinasyon yo

Prèv kote w ap viv kounye a. Prèv sa a dwe genyen non w ak adrès ou. (Egzanp):

  • Bòdwo sèvis piblik
  • Resi lwaye
  • Kontra Lokasyon/Lojman
  • Anvlòp yo te voye ba ou pa lapòs

Prèv Aktyèl sou Revni Kay la pou tout moun k ap viv lakay ou a (Egzanp):

  • Souch pèman nan travay la (yo) (2 sa ki pi resan yo)
  • Kat Medicaid
  • Souch chèk pou moun ki nan chomaj
  • Yon deklarasyon konpansasyon pou aksidan endistriyèl, sekirite sosyal oswa revni sou sipò timoun
  • Konje Militè ak Deklarasyon Salè (Leave and Earning Statement, LES)
  • Dènye deklarasyon taks 1040 si w se yon travayè endepandan

Se yon krim pou achte, vann oswa abize avantaj WIC yo. Pou w siyale yon abi ou sispèk, rele nan 800-424-9121 oswa ale sou www.usda.gov/oig/hotline.htm.

Kisa pou w pote nan Makèt WIC otorize a:

Kat eWIC
Lis makèt pou
Pwodwi WIC yo
Aplikasyon Delaware
WIC Shopping lan
(sou telefòn ou)

KONSÈY AK RAPÈL SOU ACHA

  • Sèvi avèk kat eWIC ou a avèk anpil prekosyon; se tankou lajan kach.
  • Jwenn pwodwi WIC nan makèt Delaware otorize yo ki montre etikèt pòt "We Accept eWIC".
  • Toujou itilize kat eWIC ou a avan tout lòt fòm pèman (SNAP, kat kredi, kat debi, elatriye)
  • Ale sou www.ebtedge.com oswa rele nan 1-877-289-8208 touswit si yon bagay rive kat eWIC ou a.
  • Kontakte klinik WIC lokal ou a si w bezwen nenpòt chanjman nan pake manje w la.
  • Manje WIC yo pa kapab retounen nan magazen an pou kredi oswa lajan kach oswa chanje pou lòt bagay.
  • Aprè w fin itilize tout avantaj yo, kenbe kat WIC ou a! Pwochen avantaj ou yo pral achte ak menm kat eWIC la.
  • TELECHAJE APLIKASYON WIC SHOPPING LAN! Sèvi ak eskanè UPC a pou wè si yon manje se yon atik WIC ki elijib. Ou kapab tcheke tou avantaj ki rete yo ak randevou k ap vini yo.
  • Ou dwe janti ak kesye a.
Delaware Wic Site Logo

Kontakte nou

Konte New Castle
Hudson: (302) 605-4066
West End: (302) 605-6653
Northeast/Claymont: (302) 605-4099
Imèl: nccwic@delaware.gov

Konte Kent
(302) 605-1833
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: kentwic@delaware.gov

Konte Sussex
(302) 605-4055
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: sussexwic@delaware.gov

Resous yo

  • Gid sou revni
  • Sipò WIC pou Alètman
  • Delaware WIC Kliyan Portal
  • Instagram
  • Facebook
  • Youtube

Imèl: dewicprogram@delaware.gov

Enstitisyon sa a se yon founisè opòtinite egalego.
Klike la a pou deklarasyon USDA ki pa diskriminasyon.

Cookie PolicyRèg sou enfòmasyon prive

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

    Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, apeprè 4 jiska 6 fwa nan 24 èdtan.

    Tibebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans anviwon 6 mwa daj epi yo ka manje pi souvan.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou nan lèt ki gen fè ladan. Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    Itilize lèt tete oswa lèt tibebe pou prepare 2-4 gwo kiyè sereyal tibebe ki gen fè ladan. Ofri de fwa pa jou.

    2-4 gwo kiyè ti moso pen sèk, ti bonbon sèl, ak sereyal. Ofri de fwa pa jou.

    Grains
    Legim

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Legim Kuit, pire, kraze.

    Vegetables
    Fwi

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Fwi Kuit, pire, kraze. Sòs pòm, pire pèch, oswa fig kraze.

    Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason, oswa legim an pire, kraze oswa pire.

    Ka ajoute yogout lèt antye lis.

    Pou dilye manba, sèvi ak sereyal tibebe oswa yogout lèt antye.

    Proteins

    Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

    Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete
    Kontinye bay tete sou demann, 3 fwa oswa plis chak jou.
    Lèt Tibebe

    16-24 ons chak jou. Ofri nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal pou tibebe WIC apwouve.

    Pen griye sèk, ti biskwit, pen, bagèl, woulo, oswa ponmkèt òdinè.

    Diri ak nouy ki kuit.

    10-12 Month Grains
    Legim

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Moso legim kwit gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Vegetables
    Fwi

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Fwi fre, kale, ak nan pòsyon gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Manba fen, lis.

    10-12 Month Proteins

    Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

    Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, omwen 4 fwa nan 24 èdtan.

    Si tibebe w la sanble mwens enterese nan tete apre ou fin prezante solid, eseye bay tete anvan ou ofri solid.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou.

    Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal tibebe òdinè ki gen fè ladan.

    Diri oswa pat òdinè.

    Biskwit ti bebe, ti moso pen, oswa tòtiya mou.

    8-9 Month Grains
    Legim

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Legim òdinè ki kwit, kraze ak yon fouchèt.

    8-9 Month Vegetables
    Fwi

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Fwi mou kale an moso ki gwosè yon bouche.

    Fwi nan bwat san sik.

    8-9 Month Fruits
    Pwoteyin

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Fwomaj kotaj oswa fwomaj dou.

    Manba oswa nwa fen, lis.

    8-9 Month Proteins
    I'm Hungry
    I'm Hungry

    Konsèy

    Mom new born home

    LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

    Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

    Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

    Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
    feeding solid foods

    BAY MANJE KI SOLID:

    Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:
    • Ka chita epi kenbe pwòp tèt li.
    • Louvri bouch li lè li wè manje.
    • Ka fèmen bouch li w ap foure yon kiyè nan bouch li.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

    Entwodui bè manba a lè tibebe a gen 6 mwa konsa. Melanje yon ti kiyè bè manba ak lèt tete oswa lèt an poud. Fè l vin likid epi fasil pou vale. Sèvi ak yon kiyè pou ba l yon ti goute nan pwodui a. Siveye nenpòt reyaksyon pandan 2 pwochen èdtan yo.

    Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

    Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

    Endis Alimantasyon

    Mwen Grangou
    Vant Mwen Plen
    Mwen Grangou
    • Stirring
      Ajitasyon
    • Mouth opening
      Bouch louvri
    • Turning head seeking/rooting
      Vire tèt chache/rasinen
    Vant Mwen Plen
    • Releases or falls off
      Lage oswa “tonbe”
    • Turns away
      Vire
    • Relaxes and opens fists
      Rilaks epi ouvri pla men l

    Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

    Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tibebe w la tete sou demann, omwen 7-9 fwa nan 24 èdtan.

    Lè tibebe w la kòmanse fè dan, li ka vle tete pi souvan.

    Lèt Tibebe

    25-45 ons nan 24 èdtan.

    Tibebe w la bezwen apeprè 4-6 ons lèt ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Tibebe w la ka kòmanse manje selon yon orè. Olye pou w konsantre sou kantite fiks, kite tibebe w la di w lè li pran ase.

    Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

    Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
    Pouse Kwasans
    Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
    Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
    Yo souvan rive nan laj sa yo:
    two-three-weeks
    2 jiska 3 Semèn
    six-weeks
    6 Semèn
    three-months
    3 Mwa
    six-months
    6 Mwa
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tete 8-12 fwa nan 24 èdtan pou ede tibebe w la rete an sante.

    Bay tete sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou, tankou souse men oswa souse bouch.

    Lèt Tibebe

    Nan premye jou yo, tibebe ki fèk fèt yo bezwen 2-3 ons lèt pou tibebe ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Nan fen premye mwa a, tibebe w la bezwen anviwon 4 ons chak 4 èdtan.

    Bay manje sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou.

    Ki manje mwen ka jwenn?

    Lis Manje Otorize

    Ki kote mwen ka achte?