Deklarasyon pou pa Fè Diskriminasyon

  • Lakay
  • Nondiscrimination Statement

Deklarasyon pou pa Fè Diskriminasyon

Selwa lwa federal sou dwa sivil ak règleman ak politik sou dwa sivil U.S. Department of Agriculture (USDA, Depatman Agrikilti Etazini), yo entèdi enstitisyon sa a fè diskriminasyon sou baz ras, koulè po, orijin nasyonal, sèks (ki gen ladan li idantite seksyèl ak oryantasyon seksyèl), andikap, laj, oswa vanjans poutèt aktivite ou te fè oparavan ki gen rapò ak dwa sivil.

Yo gendwa rann enfòmasyon sou pwogram lan disponib nan lang ki pa lang Anglè. Moun ki gen andikap ki mande lòt mwayen kominikasyon pou yo jwenn enfòmasyon sou pwogram lan (pa egzanp, Bray, gwo ekriti, kasèt, Lang Siy Ameriken), ta dwe kontakte ajans Eta oswa lokal ki responsab jesyon pwogram lan oswa TARGET Center (Sant TARGET) USDA a nan (202) 720-2600 (vwa ak TTY) oswa kontakte USDA atravè Federal Relay Service (Sèvis Relè Federal) la nan (800) 877-8339.

Pou depoze yon plent pou diskriminasyon pwogram lan fè, yon Plenyan (moun k ap depoze plent) ta dwe ranpli yon Fòm AD-3027, USDA Program Discrimination Complaint Form (Fòm Plent pou Diskriminasyon Pwogram USDA) li kapab jwenn sou entènèt nan: https://www.usda.gov/sites/default/files/documents/USDA-OASCR%20P-Complaint-Form-0508-0002-508-11-28-17Fax2Mail.pdf, nan nenpòt biwo USDA, oswa lè li rele nan (866) 632-9992, oswa lè li ekri yon lèt voye bay USDA. Lèt la dwe genyen non, adrès, nimewo telefòn plenyan an, ak yon deskripsyon alekri pou swadizan aksyon diskriminatwa a ki bay ase detay pou li enfòme Assistant Secretary for Civil Rights (ASCR, Sekretè Adjwen pou Dwa Sivil) la sou nati swadizan vyolasyon dwa sivil la ak dat li di yo te fè vyolasyon an. Fòk li soumèt fòm AD-3027 li ranpli a oswa lèt la bay USDA nan:

Enstitisyon sa a se yon kote tout moun genyen menm chans.

Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.

Konsèy

LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
feeding-solid-foods

BAY MANJE KI SOLID:

Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:

Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

Prezante manba anviwon 6 mwa. Gaye yon ti manba oswa nwa fen sou yon ti bonbon sèl. Veye tibebe w la pou wè si gen nenpòt reyaksyon pandan 2 èdtan apre yo.

Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

Endis Alimantasyon

Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.

Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
Pouse Kwasans
Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
Yo souvan rive nan laj sa yo:
2 jiska 3 Semèn
6 Semèn
3 Mwa
6 Mwa

Ki manje mwen ka jwenn?