Skip to Content Skip to Footer
Delaware Wic Site Logo
  • Bay tete
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Vle Aprann Plis?
  • Kreyòl
    • English
    • Español

Ou Ansent? PWOTEJE Tèt Ou Kont Alkòl Ak Dwòg

  • Lakay
  • Resous Edikasyon Adisyonèl
  • Gwosès Dwòg & Alkòl
  • Tibebe ki nan Vant Ou an Bwè Tout Sa W Bwè
  • Sendwòm Alkoholizasyon Fetis
  • Pote Yon Chanjman Kounye
  • Chèche Èd ak Sipò
Telechaje

Se yon verite.

Lè w bwè alkòl ak abize dwòg pandan w ansent, sa afekte tibebe w la. Li kapab lakoz malfòmasyon konjenital!

Si w ansent, ou petèt ansent, oswa si w ap eseye tonbe ansent SISPANN konsome alkòl ak dwòg.

Tibebe ki nan Vant Ou an

Bwè Tout Sa W Bwè

Elve timoun se kòmansman yon long pakou... epi li mande anpil travay! Lè w pran swen tèt ou epi w rete an sante, sa pèmèt ou pran swen pitit ou.

  • Sonje, ou pa pou kont ou. Pran yon jounen alafwa. Li pa janm twò ta pou kòmanse retablisman w.

Sendwòm Alkoholizasyon Fetis

Se Sèl Maladi Ou Ka Prevni a 100%

Li pa parèt tankou yon vè pa ka lakoz okenn domaj kounye a la. Poutan, alkòl la kapab lakoz ou pèdi tibebe w la nan yon fos kouch.

Lè w bwè, sa ka lakoz ou gen Twoub Espèk Alkòl Fetis (Fetal Alcohol Spectrum Disorder, FASD). Tibebe w la ka fèt ekspoze ak sibstans epi sa ki vin lakoz ou dwe sevre l. Tibebe w la pral kriye, souke kòl, epi l ap gen doulè. Li kapab lakoz tibebe w la gen:

  • Kwasans ki lan
  • Ti sèvo
  • Twoub aprantisaj tout pandan ane lekòl yo
  • Yon move jijman ki ta ka lakoz pwoblèm kote w vyole lalwa antanke yon adilt
  • Pwoblèm atansyon
  • Difikilte pou antann li avèk ou ak lòt moun
Child looking irritated

Pote Yon Chanjman

Kounye

Gen kèk bagay ou kapab fè si w ansent oswa si li posib pou ta ka tonbe ansent, bagay sa yo se:

Taking medicine

Pran Preskripsyon W yo

Itilize pwòp medikaman sou preskripsyon ou. Pa janm prete oswa itilize preskripsyon yon lòt moun.

Pregnancy help

Chèche Èd

Pa gen yon kantite alkòl ki nòmal pandan peryòd gwosès. Alkòl la kapab lakoz twoub konpòtmantal ak twoub aprantisaj ki dire pandan tout lavi w. Tanpri, pale avèk yon moun si w gen difikilte pou kanpe sou alkòl pandan peryòd gwosès ou a oswa ale sou:

  • www.helpisherede.com
Prescription form

Swiv Enstriksyon yo

Pran medikaman sou preskripsyon w yo egzakteman jan doktè w la preskri yo a. Li tout enstriksyon yo avèk anpil atansyon avan w kòmanse pran kèlkeswa medikaman sou preskripsyon an.
Prescription form

Swiv Enstriksyon yo

Pran medikaman sou preskripsyon w yo egzakteman jan doktè w la preskri yo a. Li tout enstriksyon yo avèk anpil atansyon avan w kòmanse pran kèlkeswa medikaman sou preskripsyon an.

Alkòl ak Dwòg

Elve timoun se yon travay ki difisil sitou si w ap eseye kenbe tibebe ak timoun piti an sekirite.

Konsomasyon dwòg oswa alkòl ka rann li difisil pou yon paran pran swen pitit li. Asire sekirite yon timoun vle di prete atansyon ak anviwònman kote y ap viv, jwe ak domi.

Sou enfliyans dwòg ak/oswa alkòl, yon paran ka petèt pa kapab fè chwa ki pi asire a. Pa egzanp, dòmi ka pran yon paran epi paran dòmi plis pase tan l konn abitye dòmi. Si y ap dòmi ansanm avèk tibebe ak timoun piti, sa ka fè timoun yo gen risk pou yo toufe.

Tabak

Tabak moun k ap bay swen yo ap konsome toupre tibebe ak timoun piti yo kapab afekte sante timoun yo.

Lafimen segondè se lè yon moun ap fimen nan yon espas ki fèmen tankou yon kay oswa nan yon machin. Egzanp fimen tèsyè a se lè yon tibebe enspire toksin ki nan rad, cheve, ak po moun k ap fimen an.

Ekspozisyon a lafimen segondè ak lafimen tèsyè a mete timoun piti yo arisk pou yo gen enfeksyon nan zòrèy, opresyon oswa pwoblèm respiratwa ki pi danjere lè yo trape yon grip oswa yon viris.

Dwòg Lari

Natirèlman, timoun piti yo kirye epi yo ka gen aksè ak nenpòt dwòg oswa medikaman yo preskri ke w pa konsève nan yon espas ki asire. Yo ka, san fè eksprè, vale oswa manje yon bagay ki pa bon pou yo.

Toujou kenbe preskripsyon ak nenpòt dwòg oswa medikaman kote timoun yo pa ka jwenn yo. Li t ap pi bon pou mete yo nan yon bifèt medikaman ki fèmen ak kle.

Konsèy: Mande doktè w la avan w kòmanse pran nenpòt medikaman an. Medikaman w te konn pran avan w te tonbe ansent lan ka pa bon pou pran kounye a. Menm medikaman yo vann nan yon famasi oswa nan yon makèt andomaje tibebe w la.

Dwòg Lari

Natirèlman, timoun piti yo kirye epi yo ka gen aksè ak nenpòt dwòg oswa medikaman yo preskri ke w pa konsève nan yon espas ki asire. Yo ka, san fè eksprè, vale oswa manje yon bagay ki pa bon pou yo.

Toujou kenbe preskripsyon ak nenpòt dwòg oswa medikaman kote timoun yo pa ka jwenn yo. Li t ap pi bon pou mete yo nan yon bifèt medikaman ki fèmen ak kle.

Mande doktè w la avan w kòmanse pran nenpòt medikaman an. Medikaman w te konn pran avan w te tonbe ansent lan ka pa bon pou pran kounye a. Menm medikaman yo vann nan yon famasi oswa nan yon makèt andomaje tibebe w la.

Chèche Èd

ak Sipò

Li kapab difsil pou kite dwòg ak alkòl. Si w bezwen èd, ale sou:
  • www.helpisherede.com

Si w vle aprann plis sou alkòl ak fason li gen enpak negatif sou tibebe w la, ale sou:

  • cdc.gov/ncbddd/fasd/

Pou jwenn èd sou kijan pou pran swen yon timoun ki gen FASD, ale sou:

  • nofas.org/living-with-fasd

Pou jwenn swen medikal pandan w ansent oswa si ou ka petèt vin ansent, ale sou Healthy Women/Healthy Babies program (pwogram Fanm Ansante/ Tibebe Ansante) a nan:

  • https://dhss.delaware.gov

Ou bezwen èd sou kijan pou chwazi?

Konpoze 2-1-1 apati telefòn ou pou rele Help Me Grow pou yo kapab konekte w ak yon konseye ki kapab fè w jwenn sèvis yo.

  • Logo of Delaware Connection organization
  • Help center logo
Pregnant woman smiling

Chèche Èd

ak Sipò

Li kapab difsil pou kite dwòg ak alkòl. Si w bezwen èd, ale sou:

  • www.helpisherede.com
Si w vle aprann plis sou alkòl ak fason li gen enpak negatif sou tibebe w la, ale sou:
  • cdc.gov/ncbddd/fasd/

Pou jwenn èd sou kijan pou pran swen yon timoun ki gen FASD, ale sou:

  • nofas.org/living-with-fasd

Pou jwenn swen medikal pandan w ansent oswa si ou ka petèt vin ansent, ale sou Healthy Women/Healthy Babies program (pwogram Fanm Ansante/ Tibebe Ansante) a nan:

  • https://dhss.delaware.gov

Ou bezwen èd sou kijan pou chwazi?

Konpoze 2-1-1 apati telefòn ou pou rele Help Me Grow pou yo kapab konekte w ak yon konseye ki kapab fè w jwenn sèvis yo.
  • Logo of Delaware Connection organization
  • Help center logo
Pregnant woman smiling
Delaware Wic Site Logo

Kontakte nou

Konte New Castle
(302) 283-7540
Imèl: nccwic@delaware.gov

Konte Kent
(302) 283-7540
Imèl: kentwic@delaware.gov

Konte Sussex
(302) 283-7540
Imèl: sussexwic@delaware.gov

Resous yo

  • Gid sou revni
  • Sipò WIC pou Alètman
  • Delaware WIC Kliyan Portal
  • Instagram
  • Facebook
  • Youtube

Imèl: dewicprogram@delaware.gov

USDA se yon founisè, anplwayè ak kreditè ki bay opòtinite egal.
Klike la a pou deklarasyon USDA ki pa diskriminasyon.

Cookie PolicyRèg sou enfòmasyon prive

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

    Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, apeprè 4 jiska 6 fwa nan 24 èdtan.

    Tibebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans anviwon 6 mwa daj epi yo ka manje pi souvan.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou nan lèt ki gen fè ladan. Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    Itilize lèt tete oswa lèt tibebe pou prepare 2-4 gwo kiyè sereyal tibebe ki gen fè ladan. Ofri de fwa pa jou.

    2-4 gwo kiyè ti moso pen sèk, ti bonbon sèl, ak sereyal. Ofri de fwa pa jou.

    Grains
    Legim

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Legim Kuit, pire, kraze.

    Vegetables
    Fwi

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Fwi Kuit, pire, kraze. Sòs pòm, pire pèch, oswa fig kraze.

    Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason, oswa legim an pire, kraze oswa pire.

    Ka ajoute yogout lèt antye lis.

    Pou dilye manba, sèvi ak sereyal tibebe oswa yogout lèt antye.

    Proteins

    Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

    Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete
    Kontinye bay tete sou demann, 3 fwa oswa plis chak jou.
    Lèt Tibebe

    16-24 ons chak jou. Ofri nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal pou tibebe WIC apwouve.

    Pen griye sèk, ti biskwit, pen, bagèl, woulo, oswa ponmkèt òdinè.

    Diri ak nouy ki kuit.

    10-12 Month Grains
    Legim

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Moso legim kwit gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Vegetables
    Fwi

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Fwi fre, kale, ak nan pòsyon gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Manba fen, lis.

    10-12 Month Proteins

    Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

    Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, omwen 4 fwa nan 24 èdtan.

    Si tibebe w la sanble mwens enterese nan tete apre ou fin prezante solid, eseye bay tete anvan ou ofri solid.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou.

    Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal tibebe òdinè ki gen fè ladan.

    Diri oswa pat òdinè.

    Biskwit ti bebe, ti moso pen, oswa tòtiya mou.

    8-9 Month Grains
    Legim

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Legim òdinè ki kwit, kraze ak yon fouchèt.

    8-9 Month Vegetables
    Fwi

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Fwi mou kale an moso ki gwosè yon bouche.

    Fwi nan bwat san sik.

    8-9 Month Fruits
    Pwoteyin

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Fwomaj kotaj oswa fwomaj dou.

    Manba oswa nwa fen, lis.

    8-9 Month Proteins
    I'm Hungry
    I'm Hungry

    Konsèy

    Mom new born home

    LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

    Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

    Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

    Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
    feeding solid foods

    BAY MANJE KI SOLID:

    Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:
    • Ka chita epi kenbe pwòp tèt li.
    • Louvri bouch li lè li wè manje.
    • Ka fèmen bouch li w ap foure yon kiyè nan bouch li.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

    Entwodui bè manba a lè tibebe a gen 6 mwa konsa. Melanje yon ti kiyè bè manba ak lèt tete oswa lèt an poud. Fè l vin likid epi fasil pou vale. Sèvi ak yon kiyè pou ba l yon ti goute nan pwodui a. Siveye nenpòt reyaksyon pandan 2 pwochen èdtan yo.

    Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

    Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

    Endis Alimantasyon

    Mwen Grangou
    Vant Mwen Plen
    Mwen Grangou
    • Stirring
      Ajitasyon
    • Mouth opening
      Bouch louvri
    • Turning head seeking/rooting
      Vire tèt chache/rasinen
    Vant Mwen Plen
    • Releases or falls off
      Lage oswa “tonbe”
    • Turns away
      Vire
    • Relaxes and opens fists
      Rilaks epi ouvri pla men l

    Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

    Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tibebe w la tete sou demann, omwen 7-9 fwa nan 24 èdtan.

    Lè tibebe w la kòmanse fè dan, li ka vle tete pi souvan.

    Lèt Tibebe

    25-45 ons nan 24 èdtan.

    Tibebe w la bezwen apeprè 4-6 ons lèt ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Tibebe w la ka kòmanse manje selon yon orè. Olye pou w konsantre sou kantite fiks, kite tibebe w la di w lè li pran ase.

    Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

    Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
    Pouse Kwasans
    Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
    Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
    Yo souvan rive nan laj sa yo:
    two-three-weeks
    2 jiska 3 Semèn
    six-weeks
    6 Semèn
    three-months
    3 Mwa
    six-months
    6 Mwa
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tete 8-12 fwa nan 24 èdtan pou ede tibebe w la rete an sante.

    Bay tete sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou, tankou souse men oswa souse bouch.

    Lèt Tibebe

    Nan premye jou yo, tibebe ki fèk fèt yo bezwen 2-3 ons lèt pou tibebe ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Nan fen premye mwa a, tibebe w la bezwen anviwon 4 ons chak 4 èdtan.

    Bay manje sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou.

    Ki manje mwen ka jwenn?

    Lis Manje Otorize

    Ki kote mwen ka achte?