Kite Plon Trankil

Sa ou dwe konnen

pou w pwoteje fanmi w

Plon se yon metal kò nou pa bezwen. Ekspozisyon ak plon ka bay timoun ou an gwo pwoblèm sante alavni.
Ekspozisyon ak plon ka lakoz:
Domaj nan sèvo, nan nè yo ak nan ren yo
Pwoblèm aprantisaj ak konpòtmantal
Diminisyon nan kwasans ak nan devlopman
Pwoblèm pou tande ak pale
Majorite timoun yo pa montre okenn siy anpwazònman ak plon.
Pami sentòm yo, gen doulè lestomak, fatig, konstipasyon oswa gen tandans pou fè kòlè. Rele founisè swen sante ou si ou panse timoun ou an ka pran nan pwazon plon.

Ki kote ki gen plon

Nou ka jwenn plon anpil kote.
Penti nan kay ki fèt anvan 1978.

Netwaye epi retire pousyè souvan sou sifas yo. Pa kite timoun ou an jwe bò kote ansyen fenèt yo ak atè si pa gen anyen ki kouvri atè a.

Dlo yo ponpe nan tiyo an plon.

Bwè dlo epi fè manje ak dlo FRE ki soti nan wobinè a. Dlo cho ka gen plis kantite plon.

Kèk jwèt ak bijou.

Fè atansyon ak sa ki prale nan bouch timoun ou an! Lave men yo ak jwèt yo souvan.

Remèd lakay tradisyonèl yo oswa atik enpòte tankou bonbon, makiyaj oswa po an ajil ka gen plis kantite plon sa ki ka yon danje pou timoun ou an.

Yo dwe evite atik sa yo oswa itilize yo pou dekorasyon sèlman.

Kèk anviwonman travay ka rann ou plis ekspoze ak pwodwi ki fèt ak plon (reparasyon batiman, atelye reparasyon otomobil, etc.)

Pran prekosyon epi panse retire soulye w anvan ou antre nan kay la. Chanje rad yo epi benyen pou w ka redwi eksposizyon ak plon an.

3 eleman nitritif esansyèl

Kalsyòm, fè ak vitamin C

Yon bon nitrisyon se yon lòt mwayen pou w pwoteje fanmi w.
Pou timoun yo ak granmoun yo, twa eleman nitritif ka jwe yon wòl kle nan pwoteje kò a kont move efè plon:

CALCIUM

IRON

VITAMIN C

KALSYÒM

VITAMIN C

Eleman nitritif sa yo ede kò ou pran mwens plon epi yo fè pati yon bon alimantasyon. Chwazi yon varyete manje pandan jounen an.

Sous

Kalsyòm

  • Fwomaj kotaj
  • Pouding
  • Ji zoranj ki anrichi ak kalsyòm
  • Legim vèt fonse ak fèy
  • Lèt
  • Yogout
  • Fwomaj

Sous

  • Sereyal WIC Apwouve
  • Plant (pwa, ariko, lantiy)
  • Fwi sèk
  • Vyann wouj mèg, pwason, poulè, kodenn
  • Legim vèt fonse ak fèy

Sous

Vitamin C

  • Zoranj
  • Chadèk
  • Tomat
  • Piman dous
  • Bwokoli
  • Pòmdetè
  • Frèz
  • Melon
  • Ji WIC Apwouve

Verifye

pou plon

Founisè swen sante w la ka fè yon senp tès, pike yon dwèt pou detekte plon.

Pale ak founisè swen sante ou a sou posibilite pou teste timoun ou pou plon nan laj 1 a 2 lane.

Biwo Anviwònman an Sante (Office of Healthy Environments)

KALSYÒM​

Kote ki bay tès plon san

Konte New Castle

Hudson State Service Center
Klinik Sante Piblik
501 Ogletown Road
Newark, DE 19711

302-283-7587 ekst. 3

Porter State Service Center
Klinik Sante Piblik
509 W. 8th Street
Wilmington, DE 19801

302-777-2860

Konte Kent

Williams State Service Center
Klinik Sante Piblik
805 River Road
Dover, DE 19901

302-857-5140

Milford State Service Center at the Riverwalk
Klinik Sante Piblik
253 NE Front Street
Milford, DE 19963

302-424-7140

Konte Sussex

Thurman Adams State Service Center
Klinik Sante Piblik
544 S. Bedford Street
Georgetown, DE 19947

302-515-3174

Anna C. Shipley State Service Center
Klinik Sante Piblik
350 Virginia Avenue
Seaford, DE 19973

302-628-6772

Konte New Castle

Sant Sèvis Eta Hudson
Hudson State Service Center
501 Ogletown Road
Newark DE 19711

302-283-7587 ekst. 3

Sant Sèvis Eta Porter
Porter State Service Center
509 W. 8th Street
Wilmington, DE 19801

302-777-2860

Konte Kent

Sant Sèvis Eta Williams
Klinik Sante Piblik
805 River Road
Dover, DE 19901

302-857-5140

Sant Sèvis Eta Milford nan Riverwalk
Klinik Sante Piblik
253 NE Front Street
Milford, DE 19963

302-424-7140

Konte Sussex

Sant Sèvis Eta Thurman Adams
Klinik Sante Piblik
544 S. Bedford Street
Georgetown, DE 19947

302-515-3174

Anna C. Shipley State Service Center
Klinik Sante Piblik
350 Virginia Avenue
Seaford, DE 19973

302-628-6772

Biwo Anviwònman an Sante (Office of Healthy Environments)

Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.

Konsèy

Mom new born home

LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
feeding solid foods

BAY MANJE KI SOLID:

Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:

Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

Prezante manba anviwon 6 mwa. Gaye yon ti manba oswa nwa fen sou yon ti bonbon sèl. Veye tibebe w la pou wè si gen nenpòt reyaksyon pandan 2 èdtan apre yo.

Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

Endis Alimantasyon

Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.

Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
Pouse Kwasans
Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
Yo souvan rive nan laj sa yo:
two-three-weeks
2 jiska 3 Semèn
six-weeks
6 Semèn
three-months
3 Mwa
six-months
6 Mwa

Ki manje mwen ka jwenn?