SoliMarket Shopper

SoliMarket Shopper se yon aplikasyon mobil Delaware Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) itilize pou Pwogram Nitrisyon Mache pou Kiltivatè (Farmers Market Nutrition Program, FMNP). Aplikasyon sa a ap pèmèt ou achte fwi, legim, ak fèy koupe ki fre epi ki pa prepare nan mache kote gen kiltivatè ki otorize ki ap patisipe nan Pwogram Nitrisyon Mache pou Kiltivatè (FMNP) WIC la.

Etap ki vini annapre yo eksplike fason pou enstale aplikasyon mobil la ak fason pou antre sou kont SoliMarket Shopper ou an:
soli-market

Enstalasyon ak Konfigirasyon

1

setup_icon
Nan pwochen randevou WIC pwograme w ap fèt an Jen, Jiyè oswa Out, yon manm pèsonèl WIC ap kreye yon kont pou ou atravè yon pòtal entènèt. Pou l fè sa, li ap bezwen tout non ou, adrès imèl ou, nimewo telefòn ou, dat nesans ou, done demografik ou, ak enfòmasyon sou manm fanmi w yo.

2

setup_icon_2
Depi li fin kreye kont lan, w ap resevwa yon imèl ki soti sou “noreply@soliportal.com.” Remak: Si w pa wè imèl sa a nan espas kèk minit lè kont lan fin kreye, verifye dosye espam, dosye achiv, dosye pwomosyon, vye dosye, oswa dosye poubèl imèl ou piske bwat resepsyon an gendwa te filtre li otomatikman.

3

soli-market
Apre w fin resevwa imèl la, w ap kapab telechaje ak enstale aplikasyon mobil SoliMarket Shopper a sou telefòn ou. Remak: asire w telechaje “SoliMarket Shopper,” se pa “SoliMarket Register.” pou telechaje”. Ou kapab itilize lyen app store ki apwopriye nan imèl la pou aparèy ou a, oswa itilize lyen ki anba yo:

Pou aparèy Android yo:
Louvri Google Play Store, chèche SoliMarket Shopper, epi telechaje
aplikasyon an, oswa klike la a

Pou aparèy iOS (Apple) yo: 
Louvri App Store, chèche SoliMarket
Shopper
, epi telechaje aplikasyon an,
oswa klike la a

4

Louvri aplikasyon mobil SoliMarket Shopper a. Chwazi lang ou pale a (Anglè oswa Panyòl), klike sou toude kaz yo pou w aksepte Tèm ak Kondisyon yo epi Politik Konfidansyalite a, oswa klike sou “AGREE & CONTINUE (AKSEPTE epi KONTINYE)” pou w chwazi toude opsyon yo epi kontinye nan ekran koneksyon an.
LORES_RGB_SoliMarket

5

Mete adrès imèl pèsonèl la te itilize pou kreye kont ou an, apresa mete nimewo pin 4 chif tanporè yo ba w nan imèl ki di w “Byenvini nan SoliMarket!” la. Remak: Tout adrès imèl sansib lè gen diferans lèt majiskil ak lèt miniskil, se sa ki fè tout ta dwe an lèt miniskil.
setup_icon_3
LORES_RGB_SoliMarket_2_Email
LORES_RGB_SoliMarket_3

6

setup_icon_4
Apre ou fin mete PIN nan, ou ap rive sou paj dakèy ki afiche montan kòb ou rete a ak dat ekspirasyon avantaj yo. Ou kapab konsève PIN ou genyen kounye a pou w konekte, oswa ou kapab navige nan Onglè “Account (Kont)” lan pou w chanje PIN ou an ak/oswa aktive Face ID oswa Touch ID si aparèy ou a genyen lojisyèl la disponib.
(Nou vrèman ankouraje w itilize Touch ID oswa Face ID si aparèy ou a kapab pran li! Sa ap pèmèt ou konekte san pwoblèm san w pa bezwen nan sonje ni chèche PIN ou.)

7

Aplikasyon SoliMarket Shopper ou an pare kounye a pou l fè acha!

Navigasyon ak Lòt Fonksyonalite

Aplikasyon SoliMarket Shopper a genyen kat (4) paj prensipal ladan l: Paj Akèy, Peman, Istorik, & Kont.

Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.

Konsèy

Mom new born home

LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
feeding solid foods

BAY MANJE KI SOLID:

Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:

Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

Prezante manba anviwon 6 mwa. Gaye yon ti manba oswa nwa fen sou yon ti bonbon sèl. Veye tibebe w la pou wè si gen nenpòt reyaksyon pandan 2 èdtan apre yo.

Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

Endis Alimantasyon

Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.

Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
Pouse Kwasans
Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
Yo souvan rive nan laj sa yo:
two-three-weeks
2 jiska 3 Semèn
six-weeks
6 Semèn
three-months
3 Mwa
six-months
6 Mwa

Ki manje mwen ka jwenn?