Skip to Content Skip to Footer
Delaware Wic Site Logo
  • Bay tete
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Vle Aprann Plis?
  • Kreyòl
    • English
    • Español

SoliMarket Shopper

  • Lakay
  • Mache Kiltivatè
  • SoliMarket Shopper
Telechaje

SoliMarket Shopper se yon aplikasyon mobil Delaware Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) itilize pou Pwogram Nitrisyon Mache pou Kiltivatè (Farmers Market Nutrition Program, FMNP). Aplikasyon sa a ap pèmèt ou achte fwi, legim, ak fèy koupe ki fre epi ki pa prepare nan mache kote gen kiltivatè ki otorize ki ap patisipe nan Pwogram Nitrisyon Mache pou Kiltivatè (FMNP) WIC la.

Etap ki vini annapre yo eksplike fason pou enstale aplikasyon mobil la ak fason pou antre sou kont SoliMarket Shopper ou an:
soli-market

Enstalasyon ak Konfigirasyon

1

setup_icon
Nan pwochen randevou WIC pwograme w ap fèt an Jen, Jiyè oswa Out, yon manm pèsonèl WIC ap kreye yon kont pou ou atravè yon pòtal entènèt. Pou l fè sa, li ap bezwen tout non ou, adrès imèl ou, nimewo telefòn ou, dat nesans ou, done demografik ou, ak enfòmasyon sou manm fanmi w yo.

2

setup_icon_2
Depi li fin kreye kont lan, w ap resevwa yon imèl ki soti sou “noreply@soliportal.com.” Remak: Si w pa wè imèl sa a nan espas kèk minit lè kont lan fin kreye, verifye dosye espam, dosye achiv, dosye pwomosyon, vye dosye, oswa dosye poubèl imèl ou piske bwat resepsyon an gendwa te filtre li otomatikman.

3

soli-market
Apre w fin resevwa imèl la, w ap kapab telechaje ak enstale aplikasyon mobil SoliMarket Shopper a sou telefòn ou. Remak: asire w telechaje “SoliMarket Shopper,” se pa “SoliMarket Register.” pou telechaje”. Ou kapab itilize lyen app store ki apwopriye nan imèl la pou aparèy ou a, oswa itilize lyen ki anba yo:

Pou aparèy Android yo:
Louvri Google Play Store, chèche SoliMarket Shopper, epi telechaje
aplikasyon an, oswa klike la a. 

Pou aparèy iOS (Apple) yo: 
Louvri App Store, chèche SoliMarket
Shopper
, epi telechaje aplikasyon an,
oswa klike la a. 

4

Louvri aplikasyon mobil SoliMarket Shopper a. Chwazi lang ou pale a (Anglè oswa Panyòl), klike sou toude kaz yo pou w aksepte Tèm ak Kondisyon yo epi Politik Konfidansyalite a, oswa klike sou “AGREE & CONTINUE (AKSEPTE epi KONTINYE)” pou w chwazi toude opsyon yo epi kontinye nan ekran koneksyon an.
LORES_RGB_SoliMarket

5

Mete adrès imèl pèsonèl la te itilize pou kreye kont ou an, apresa mete nimewo pin 4 chif tanporè yo ba w nan imèl ki di w “Byenvini nan SoliMarket!” la. Remak: Tout adrès imèl sansib lè gen diferans lèt majiskil ak lèt miniskil, se sa ki fè tout ta dwe an lèt miniskil.
setup_icon_3
LORES_RGB_SoliMarket_2_Email
LORES_RGB_SoliMarket_3

6

setup_icon_4
Apre ou fin mete PIN nan, ou ap rive sou paj dakèy ki afiche montan kòb ou rete a ak dat ekspirasyon avantaj yo. Ou kapab konsève PIN ou genyen kounye a pou w konekte, oswa ou kapab navige nan Onglè “Account (Kont)” lan pou w chanje PIN ou an ak/oswa aktive Face ID oswa Touch ID si aparèy ou a genyen lojisyèl la disponib.
(Nou vrèman ankouraje w itilize Touch ID oswa Face ID si aparèy ou a kapab pran li! Sa ap pèmèt ou konekte san pwoblèm san w pa bezwen nan sonje ni chèche PIN ou.)

7

Aplikasyon SoliMarket Shopper ou an pare kounye a pou l fè acha!

Navigasyon ak Lòt Fonksyonalite

Aplikasyon SoliMarket Shopper a genyen kat (4) paj prensipal ladan l: Paj Akèy, Peman, Istorik, & Kont.

Akèy

LORES_RGB_SoliMarket

Paj akèy la bay yon apèsi sou kont SoliMarket Shopper ou an, ki gen ladan l non w, montan avantaj ki rete a, dat ekspirasyon montan ki rete a, rezime dènye acha ou fè yo, ak yon Nimewo Kont Prensipal (PAN, Primary Account Number) ki gen 16 chif. 

• Nenpòt mesaj SoliMarket ak/oswa pèsonèl WIC la voye ap parèt sou Ekran Paj Akèy la tou. Ou kapab klike ikòn klòch la ki nan kwen dwat anlè ekran an pou ka wè ansyen mesaj yo. —> bell-icon

Peman

• Ou gendwa klike sou bouton Peman an pou w tanmen yon tranzaksyon avèk yon kiltivatè ki gen otorizasyon pou l itilize aplikasyon mobil SoliMarket Register a.

• Lè w pare pou achte, klike bouton Peman an; yon kòd QR ap kreye pou kiltivatè a eskane avèk pwòp aparèy pa li

• Kiltivatè a ap mete pri pwodui l yo sou aparèy li a, epi apresa ou ap wè rezime tranzaksyon an nan aplikasyon SoliMarket Shopper ou a. Klike sou bouton ACCEPT (AKSEPTE) ki vèt la pou w apwouve tranzaksyon an, oswa CANCEL (ANILE) pou w refize l. 

LORES_RGB_SoliMarket_App_Customer_Seller

Istorik

  • • Paj Istorik la ap afiche tout ansyen tranzasyon ki fèt sou kont ou an, tankou dat ak montan tranzaksyon ki fèt yo.
  • • Pou w jwenn plis detay sou nenpòt dat espesifik, tankou enfòmasyon sou kiltivatè yo ak montan avantaj ou itilize pou chak acha, klike sou nenpòt nan dat yo.
  • • Pou w jwenn plis detay sou chak tranzaksyon espesifik, tankou enfòmasyon sou pwodui espesifik ou achte ak valè ou kapab itilize pou retrase tranzaksyon yo, klike sou yon tranzaksyon espesifik.
LORES_RGB_SoliMarket_5_Transaction

Kont

  • • Kont: Itilize opsyon sa a pou w modifye Non ou ak Siyati w. Remak: ou pa kapab chanje adrès imèl kont lan; si w bezwen yon nouvo imèl, tanpri kontakte biwo WIC ki nan zòn ou an.
  • • Modpas ak Sekirite: Ou ka mete modpas kont ou an ajou la a. Yo ap mande w pou mete modpas ou genyen kounye a pou w ka chwazi yon nouvo modpas apresa. Apati paj sa a, ou gendwa aktive oswa dezaktive Touch ID ak/oswa Face ID a kòm opsyon pou antre sou kont ou an (si modèl telefòn ou an gen fonksyonalite sa a).
  • • Lang: Ou kapab chanje lang aplikasyon an pou voye l swa an Anglè swa an Panyòl.
  • • Tèm ak Kondisyon: Itilize bouton sa a pou wè Tèm ak Kondisyon pou itilize aplikasyon mobil SoliMarket la.
  • • Politik Konfidansyalite: itilize bouton sa a pou wè Politik Konfidansyalite pou aplikasyon mobil SoliMarket la.
  • • Dekoneksyon: Itilize bouton sa a pou w dekonekte sou kont ou an.
  • • Vèsyon SoliMarket la: Seksyon sa a ap afiche vèsyon lojisyèl aplikasyon mobil SoliMarket ou an.
Sizoka ou ta bezwen sipò teknik, yo ka mande w pou konfime nimewo vèsyon nou endike nan dokiman sa a.
Nou ankouraje w aktive paramèt “mizajou otomatik” ki sou aparèy ou a, oswa toujou retounen sou app store a pou wè si dènye vesyon SoliMarket Shopper a pa disponib.
Pou w jwenn plis enfòmasyon, rele nou gratis nan 1-800-222-2189
Sèvis Kliyan SoliMarket: 1-214-256-3083
8:00 a.m. rive 6:00 p.m. EST Lendi a Vandredi www.solisystems.com
Delaware Wic Site Logo

Kontakte nou

Konte New Castle
Hudson: (302) 605-4066
West End: (302) 605-6653
Northeast/Claymont: (302) 605-4099
Imèl: nccwic@delaware.gov

Konte Kent
(302) 605-1833
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: kentwic@delaware.gov

Konte Sussex
(302) 605-4055
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: sussexwic@delaware.gov

Resous yo

  • Gid sou revni
  • Sipò WIC pou Alètman
  • Delaware WIC Kliyan Portal
  • Instagram
  • Facebook
  • Youtube

Imèl: dewicprogram@delaware.gov

Enstitisyon sa a se yon founisè opòtinite egalego.
Klike la a pou deklarasyon USDA ki pa diskriminasyon.

Cookie PolicyRèg sou enfòmasyon prive

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

    Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, apeprè 4 jiska 6 fwa nan 24 èdtan.

    Tibebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans anviwon 6 mwa daj epi yo ka manje pi souvan.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou nan lèt ki gen fè ladan. Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    Itilize lèt tete oswa lèt tibebe pou prepare 2-4 gwo kiyè sereyal tibebe ki gen fè ladan. Ofri de fwa pa jou.

    2-4 gwo kiyè ti moso pen sèk, ti bonbon sèl, ak sereyal. Ofri de fwa pa jou.

    Grains
    Legim

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Legim Kuit, pire, kraze.

    Vegetables
    Fwi

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Fwi Kuit, pire, kraze. Sòs pòm, pire pèch, oswa fig kraze.

    Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason, oswa legim an pire, kraze oswa pire.

    Ka ajoute yogout lèt antye lis.

    Pou dilye manba, sèvi ak sereyal tibebe oswa yogout lèt antye.

    Proteins

    Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

    Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete
    Kontinye bay tete sou demann, 3 fwa oswa plis chak jou.
    Lèt Tibebe

    16-24 ons chak jou. Ofri nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal pou tibebe WIC apwouve.

    Pen griye sèk, ti biskwit, pen, bagèl, woulo, oswa ponmkèt òdinè.

    Diri ak nouy ki kuit.

    10-12 Month Grains
    Legim

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Moso legim kwit gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Vegetables
    Fwi

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Fwi fre, kale, ak nan pòsyon gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Manba fen, lis.

    10-12 Month Proteins

    Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

    Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, omwen 4 fwa nan 24 èdtan.

    Si tibebe w la sanble mwens enterese nan tete apre ou fin prezante solid, eseye bay tete anvan ou ofri solid.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou.

    Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal tibebe òdinè ki gen fè ladan.

    Diri oswa pat òdinè.

    Biskwit ti bebe, ti moso pen, oswa tòtiya mou.

    8-9 Month Grains
    Legim

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Legim òdinè ki kwit, kraze ak yon fouchèt.

    8-9 Month Vegetables
    Fwi

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Fwi mou kale an moso ki gwosè yon bouche.

    Fwi nan bwat san sik.

    8-9 Month Fruits
    Pwoteyin

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Fwomaj kotaj oswa fwomaj dou.

    Manba oswa nwa fen, lis.

    8-9 Month Proteins
    I'm Hungry
    I'm Hungry

    Konsèy

    Mom new born home

    LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

    Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

    Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

    Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
    feeding solid foods

    BAY MANJE KI SOLID:

    Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:
    • Ka chita epi kenbe pwòp tèt li.
    • Louvri bouch li lè li wè manje.
    • Ka fèmen bouch li w ap foure yon kiyè nan bouch li.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

    Entwodui bè manba a lè tibebe a gen 6 mwa konsa. Melanje yon ti kiyè bè manba ak lèt tete oswa lèt an poud. Fè l vin likid epi fasil pou vale. Sèvi ak yon kiyè pou ba l yon ti goute nan pwodui a. Siveye nenpòt reyaksyon pandan 2 pwochen èdtan yo.

    Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

    Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

    Endis Alimantasyon

    Mwen Grangou
    Vant Mwen Plen
    Mwen Grangou
    • Stirring
      Ajitasyon
    • Mouth opening
      Bouch louvri
    • Turning head seeking/rooting
      Vire tèt chache/rasinen
    Vant Mwen Plen
    • Releases or falls off
      Lage oswa “tonbe”
    • Turns away
      Vire
    • Relaxes and opens fists
      Rilaks epi ouvri pla men l

    Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

    Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tibebe w la tete sou demann, omwen 7-9 fwa nan 24 èdtan.

    Lè tibebe w la kòmanse fè dan, li ka vle tete pi souvan.

    Lèt Tibebe

    25-45 ons nan 24 èdtan.

    Tibebe w la bezwen apeprè 4-6 ons lèt ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Tibebe w la ka kòmanse manje selon yon orè. Olye pou w konsantre sou kantite fiks, kite tibebe w la di w lè li pran ase.

    Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

    Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
    Pouse Kwasans
    Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
    Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
    Yo souvan rive nan laj sa yo:
    two-three-weeks
    2 jiska 3 Semèn
    six-weeks
    6 Semèn
    three-months
    3 Mwa
    six-months
    6 Mwa
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tete 8-12 fwa nan 24 èdtan pou ede tibebe w la rete an sante.

    Bay tete sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou, tankou souse men oswa souse bouch.

    Lèt Tibebe

    Nan premye jou yo, tibebe ki fèk fèt yo bezwen 2-3 ons lèt pou tibebe ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Nan fen premye mwa a, tibebe w la bezwen anviwon 4 ons chak 4 èdtan.

    Bay manje sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou.

    Ki manje mwen ka jwenn?

    Lis Manje Otorize

    Ki kote mwen ka achte?