Skip to Content Skip to Footer
Delaware Wic Site Logo
  • Bay tete
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Vle Aprann Plis?
  • Kreyòl
    • English
    • Español

Itilize Kat eWIC ou an

  • Lakay
  • Kat eWIC
  • Kat eWIC Ou an
  • Acha Pwodui Alimantè
    WIC Ou yo
  • Sou Kès lan
  • EWIC Kesyon ak Repons
  • Kat eWIC Ou an
  • Acha Pwodui Alimantè
    WIC Ou yo
  • Sou Kès lan
  • EWIC Kesyon ak Repons
Telechaje

Kat

eWIC Ou an

Kat eWIC la se yon fason san danje epi pratik pou itilize avantaj WIC ou yo.

Ou pral sèvi ak kat eWIC ou a pou achte pwodui alimantè WIC apwouve nan boutik WIC otorize yo.

Yo pral mete Avantaj Alimantè pou chak patisipan WIC yo sou yon kont fanmi sou yon kat eWIC. Chak mwa, y ap depoze avantaj alimantè fanmi w yon fason otomatik sou kont WIC ou a.

Chak fwa ou achte yon pwodui alimantè WIC apwouve, y ap retire atik sa a sou kont avantaj ou an. Achte sa w bezwen. Ou pa oblije achte tout pwodui alimantè ou an menm tan.

Ekonomize kat eWIC ou an! W ap achte pwochen avantaj ou yo ak menm kat la chak mwa.

Pran swen kat eWIC ou a

Toujou
  • Kenbe kat ou a an sekirite epi pwòp.
  • Kenbe kat ou a lwen atik tankou leman, telefòn selilè, televizyon, ak maykowev.
Pa
  • Ekri PIN ou sou kat ou a.
  • Kenbe PIN ou nan valiz ou oswa nan bous ou.
  • Bay nenpòt moun ou pa vle sèvi ak kat ou a PIN ou an.
  • Pliye kat ou a.
  • Mete kat ou a nan limyè solèy la dirèkteman, tankou sou dach yon machin.
Delaware eWIC card used for electronic WIC benefits.

Acha

Pwodui Alimantè WIC Ou yo

Verifye balans kont ou anvan ou achte. Gen 2 fason ou kapab fè sa.

  1. Si gen yon machin Pwendevant (Point of Sale, POS) eWIC nan magazen an, ou ka glise kat ou a epi antre PIN ou pou jwenn balans ou.
  2. Kontakte sèvis kliyan eWIC la lè w rele:

1-877-289-8208

www.ebtedge.com

Telechaje

Ekonomize kat eWIC ou an! W ap achte pwochen avantaj ou yo ak menm kat la chak mwa.

Pran swen kat eWIC ou a

Toujou
  • Kenbe kat ou a an sekirite epi pwòp.
  • Kenbe kat ou a lwen atik tankou leman, telefòn selilè, televizyon, ak maykowev.

Pa

  • Ekri PIN ou sou kat ou a.
  • Kenbe PIN ou nan valiz ou oswa nan bous ou.
  • Bay nenpòt moun ou pa vle sèvi ak kat ou a PIN ou an.
  • Pliye kat ou a.
  • Mete kat ou a nan limyè solèy la dirèkteman, tankou sou dach yon machin.
Delaware eWIC card used for electronic WIC benefits.

Kat

eWIC Ou an

Kat eWIC la se yon fason san danje epi pratik pou itilize avantaj WIC ou yo.

Ou pral sèvi ak kat eWIC ou a pou achte pwodui alimantè WIC apwouve nan boutik WIC otorize yo.

Yo pral mete Avantaj Alimantè pou chak patisipan WIC yo sou yon kont fanmi sou yon kat eWIC. Chak mwa, y ap depoze avantaj alimantè fanmi w yon fason otomatik sou kont WIC ou a.

Chak fwa ou achte yon pwodui alimantè WIC apwouve, y ap retire atik sa a sou kont avantaj ou an. Achte sa w bezwen. Ou pa oblije achte tout pwodui alimantè ou an menm tan.

A lady using ED WIC card

Acha

Pwodui Alimantè WIC Ou yo

Verifye balans kont ou anvan ou achte. Gen 2 fason ou kapab fè sa.

  1. Si gen yon machin Pwendevant (Point of Sale, POS) eWIC nan magazen an, ou ka glise kat ou a epi antre PIN ou pou jwenn balans ou.
  2. Kontakte sèvis kliyan eWIC la lè w rele:

1-877-289-8208

www.ebtedge.com

  • 1-877-289-8208
  • www.ebtedge.com

Sou

Kès lan

Pink paint brush background graphic.
  • Toujou itilize kat eWIC ou a anvan nenpòt lòt fòm peman (SNAP, kat kredi, kat debi, elatriye).
  • Glise kat eWIC ou nan machin pwen lavant lan (Point of Sale, POS) oswa remèt kat eWIC ou a bay kesye a.
  • Antre PIN ou a epi peze bouton "enter" (antre) a sou klavye a.
  • Y ap retire kantite pwodui alimantè ki apwouve yo ak kantite lajan an dola pou fwi ak legim ou achte nan avantaj eWIC ou yo.
  • Kesye a ap ba ou yon resi ki montre balans avantaj ou rete yo ak dat ekspirasyon avantaj yo.
WIC participant using an eWIC card at the grocery store checkout.

EWIC

Kesyon ak Repons

Kisa yon PIN (Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl) ye?

Se yon nimewo sekrè ki gen kat chif ou pral itilize avèk kat eWIC ou a pou gen aksè ak avantaj alimantè ou yo.

Lè w ap chwazi yon PIN, chwazi kat nimewo ki fasil pou ou sonje men ki difisil pou yon lòt moun konnen (pa egzanp, anivèsè nesans pitit ou oswa paran ou). PA itilize menm chif la, tankou 1111, oswa yon sekans nimewo, tankou 1234, pou PIN ou.

PA bay okenn lòt moun ki pa itilizatè otorize ou deziyen PIN ou. Si yon moun konnen PIN ou an epi sèvi ak kat ou a pou jwenn avantaj alimantè ou san pèmisyon ou, yo p ap ranplase avantaj sa yo.

E si mwen antre move PIN lan?
PA eseye devine PIN ou an. Si yo pa antre PIN kòrèk la nan katriyèm esè youn dèyè lòt la, PIN ou an ap bloke. Sa a sèvi kòm yon pwoteksyon kont yon moun ki ap rantre fo PIN pou l resevwa avantaj alimantè ou a. Ou pral oblije rete tann jis apre 12:00 minwi pou kont ou a debloke pou eseye ankò.
Kisa mwen ta dwe fè si yon moun jwenn PIN mwen an?
Si yon moun ki pa ta dwe gen PIN ou an aprann li, imedyatman rele Sèvis Kliyan an nan 1-877-289-8208 oswa ale sou www.ebtedge.com api chanje PIN ou an.
E si mwen bliye PIN mwen an?
Rele klinik WIC lokal ou a:
Konte New Castle: 302-283-7540
Konte Kent ak Sussex: 302-424-7220 
Kisa mwen dwe fè si kat mwen an pèdi oswa si yo vòlè li?

Rele klinik WIC lokal ou a:
Konte New Castle
Hudson: (302) 605-4066
West End: (302) 605-6653
Northeast/Claymont: (302) 605-4099
Imèl: nccwic@delaware.gov

Konte Kent
(302) 605-1833
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: kentwic@delaware.gov

Konte Sussex
(302) 605-4055
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: sussexwic@delaware.gov

Kilè mwen ap jwenn avantaj mwen an?
Avantaj yo ap sou kont alimantè ou a vè 12:00 minwi nan dat kòmansman an epi y ap ekspire vè 12:00 minwi nan dat fen a.
Kòman m ap fè konnen balans kont alimantè mwen an?
Resi chak acha montre balans lan, kidonk fason ki pi fasil pou konnen balans kont ou an se kenbe resi w la. Si ou pa gen dènye resi w la, pou jwenn balans ou rele Sèvis Kliyan an nan 1-877-289-8208 oswa ale sou www.ebtedge.com. Ou dwe toujou verifye kantite pwodui alimantè ki apwouve ki rete anvan ou achte.
E si kat mwen an pa vle mache?
Rele klinik WIC lokal ou a:
Konte New Castle: 302-283-7540
Konte Kent ak Sussex: 302-424-7220
Delaware Wic Site Logo

Kontakte nou

Konte New Castle
Hudson: (302) 605-4066
West End: (302) 605-6653
Northeast/Claymont: (302) 605-4099
Imèl: nccwic@delaware.gov

Konte Kent
(302) 605-1833
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: kentwic@delaware.gov

Konte Sussex
(302) 605-4055
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: sussexwic@delaware.gov

Resous yo

  • Gid sou revni
  • Sipò WIC pou Alètman
  • Delaware WIC Kliyan Portal
  • Instagram
  • Facebook
  • Youtube

Imèl: dewicprogram@delaware.gov

Enstitisyon sa a se yon founisè opòtinite egalego.
Klike la a pou deklarasyon USDA ki pa diskriminasyon.

Cookie PolicyRèg sou enfòmasyon prive

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

    Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, apeprè 4 jiska 6 fwa nan 24 èdtan.

    Tibebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans anviwon 6 mwa daj epi yo ka manje pi souvan.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou nan lèt ki gen fè ladan. Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    Itilize lèt tete oswa lèt tibebe pou prepare 2-4 gwo kiyè sereyal tibebe ki gen fè ladan. Ofri de fwa pa jou.

    2-4 gwo kiyè ti moso pen sèk, ti bonbon sèl, ak sereyal. Ofri de fwa pa jou.

    Grains
    Legim

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Legim Kuit, pire, kraze.

    Vegetables
    Fwi

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Fwi Kuit, pire, kraze. Sòs pòm, pire pèch, oswa fig kraze.

    Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason, oswa legim an pire, kraze oswa pire.

    Ka ajoute yogout lèt antye lis.

    Pou dilye manba, sèvi ak sereyal tibebe oswa yogout lèt antye.

    Proteins

    Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

    Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete
    Kontinye bay tete sou demann, 3 fwa oswa plis chak jou.
    Lèt Tibebe

    16-24 ons chak jou. Ofri nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal pou tibebe WIC apwouve.

    Pen griye sèk, ti biskwit, pen, bagèl, woulo, oswa ponmkèt òdinè.

    Diri ak nouy ki kuit.

    10-12 Month Grains
    Legim

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Moso legim kwit gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Vegetables
    Fwi

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Fwi fre, kale, ak nan pòsyon gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Manba fen, lis.

    10-12 Month Proteins

    Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

    Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, omwen 4 fwa nan 24 èdtan.

    Si tibebe w la sanble mwens enterese nan tete apre ou fin prezante solid, eseye bay tete anvan ou ofri solid.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou.

    Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal tibebe òdinè ki gen fè ladan.

    Diri oswa pat òdinè.

    Biskwit ti bebe, ti moso pen, oswa tòtiya mou.

    8-9 Month Grains
    Legim

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Legim òdinè ki kwit, kraze ak yon fouchèt.

    8-9 Month Vegetables
    Fwi

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Fwi mou kale an moso ki gwosè yon bouche.

    Fwi nan bwat san sik.

    8-9 Month Fruits
    Pwoteyin

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Fwomaj kotaj oswa fwomaj dou.

    Manba oswa nwa fen, lis.

    8-9 Month Proteins
    I'm Hungry
    I'm Hungry

    Konsèy

    Mom new born home

    LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

    Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

    Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

    Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
    feeding solid foods

    BAY MANJE KI SOLID:

    Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:
    • Ka chita epi kenbe pwòp tèt li.
    • Louvri bouch li lè li wè manje.
    • Ka fèmen bouch li w ap foure yon kiyè nan bouch li.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

    Entwodui bè manba a lè tibebe a gen 6 mwa konsa. Melanje yon ti kiyè bè manba ak lèt tete oswa lèt an poud. Fè l vin likid epi fasil pou vale. Sèvi ak yon kiyè pou ba l yon ti goute nan pwodui a. Siveye nenpòt reyaksyon pandan 2 pwochen èdtan yo.

    Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

    Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

    Endis Alimantasyon

    Mwen Grangou
    Vant Mwen Plen
    Mwen Grangou
    • Stirring
      Ajitasyon
    • Mouth opening
      Bouch louvri
    • Turning head seeking/rooting
      Vire tèt chache/rasinen
    Vant Mwen Plen
    • Releases or falls off
      Lage oswa “tonbe”
    • Turns away
      Vire
    • Relaxes and opens fists
      Rilaks epi ouvri pla men l

    Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

    Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tibebe w la tete sou demann, omwen 7-9 fwa nan 24 èdtan.

    Lè tibebe w la kòmanse fè dan, li ka vle tete pi souvan.

    Lèt Tibebe

    25-45 ons nan 24 èdtan.

    Tibebe w la bezwen apeprè 4-6 ons lèt ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Tibebe w la ka kòmanse manje selon yon orè. Olye pou w konsantre sou kantite fiks, kite tibebe w la di w lè li pran ase.

    Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

    Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
    Pouse Kwasans
    Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
    Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
    Yo souvan rive nan laj sa yo:
    two-three-weeks
    2 jiska 3 Semèn
    six-weeks
    6 Semèn
    three-months
    3 Mwa
    six-months
    6 Mwa
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tete 8-12 fwa nan 24 èdtan pou ede tibebe w la rete an sante.

    Bay tete sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou, tankou souse men oswa souse bouch.

    Lèt Tibebe

    Nan premye jou yo, tibebe ki fèk fèt yo bezwen 2-3 ons lèt pou tibebe ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Nan fen premye mwa a, tibebe w la bezwen anviwon 4 ons chak 4 èdtan.

    Bay manje sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou.

    Ki manje mwen ka jwenn?

    Lis Manje Otorize

    Ki kote mwen ka achte?