Konsèy Sante Pou Nouvo Manman yo

Chè Manman,

Felisitasyon pou nesans tibebe w lan! Fanmi ki an sante yo chwazi WIC – se yon chwa ki fè nou fyè, e nou kontan ou la.
Antanke yon nouvo manman avèk WIC, ou kapab:
Sitwèb sa a gen konsèy pou ede kenbe ou menm ak tibebe w la an sante. Konsèy sa yo pa ranplase konsèy pwofesyonèl swen sante w lan. Ekri kesyon pou w poze pwofesyonèl swen sante w la anvan ou ale fè pwochen egzamen ou yo.

WIC ka ede w aprann plis konsènan manje ki sen. WIC gen sesyon sou nitrisyon pou ou ak lòt manman aprann, pataje ide, epi poze kesyon. Nou espere ou pwofite eksperyans ou ak WIC; nou kontan pataje tan espesyal sa a avèk ou.

Sensèman,
Estaf WIC ou a

Jwenn Swen Ou Bezwen an

Swen apre akouchman se swen sante pou fanm apre tibebe yo fèt. Yon pwofesyonèl swen sante oswa yon enfimyè ki fòme espesyalman ap verifye ou menm ak tibebe w lan an bon sante epi ap geri byen. Ale nan konsiltasyon apre akouchman ou an. Mande kilè w pral gen yon konsiltasyon ankò.

Ou menm ak tibebe w la bezwen vaksen pou nou rete an sante.

Si w bezwen èd pou peye pou swen sante, kontakte biwo Medicaid lokal ou a.

Chwazi Manje ki Sen

Manman ki bay tibebe yo lèt imen sèlman ka bezwen yon ti kras plis manje. Sa a se yon gid jeneral. Ou ka bezwen plis oswa mwens kantite manje. Pou yon plan alimantè chak jou ki fèt sèlman pou ou, ale sou www.myplate.gov.
Konsome manje regilye epi chwazi yon varyete grenn antye, legim, fwi, pwodui letye ak manje ki gen pwoteyin.
Lè w konsome repa ki nitritif ak regilye, sa ede w:

Manje

Manje Maten, Midi ak Dine

Ou menm ak tibebe w lan fonksyone pi byen lè ou manje repa regilye ak ti goute. Men yon echantiyon meni ki sèvi ak kèk manje ou ka achte ak avantaj WIC ou yo.
Mete kò w anfòm ak manje WIC. Yo ba w:
Men kèk egzanp sou ki gwosè pòsyon repa ak ti goute yo ta ka ye nan plat ou an.
Manje Maten

1 tas 100% ji fwi melanje

1 tranch pen konplè griye

1 ze bouyi

Manje Midi

½ tas gwo frèz tranche

1 tas kawòt tranche

1 tas dlo

2 tranch pen konplè

avèk 3 ons kodenn chakitri san grès

avèk ¼ tas leti ak ¼ tas tomat

Ti Goute

½ tas gwo pèch tranche

1 tas lèt ki pa gen anpil grès oswa san grès

5 oswa 6 bonbon grenn antye

3 oswa 4 tranch fwomaj

½ tas konkonm tranche ak ½ tas tomat seriz

bwè dlo ant repa ak ti goute yo

Dine

1 tas rezen

½ tas pwa vèt kuit

1 tas salad vèt melanje ak 1 gwo kiyè vinegrèt

1 tas espageti grenn antye

ak ¼ tas vyann bèf rache

avèk 1 tas sòs tomat

1 tas lèt ki pa gen anpil grès oswa san grès

Ide pou MANJE MATEN

Mete tan apa pou manje maten. Li ede w pase jounen an. Men kèk ide. Chwazi youn oubyen plis manje nan chak gwoup ki anba a.
EGZANP: Tòtiya Ble Antye + Manba + Tranch Pòm
PEN, SEREYAL, OUBYEN LÒT GRENN
PWODUI LETYE OSWA PWOTEYIN
FWI OUBYEN LEGIM

Rete Entèlijan Konsènan Manje Rapid

OU ANDEPLASMAN? MANDE CHWA ENTÈLIJAN SA YO – EPI PA MANDE PI GWO DIMANSYON.

Resevwa Asid Folik Chak Jou.

Asid folik se yon vitamin ke chak selil nan kò ou bezwen. Vitamin sa a ka pwoteje w kont yon atak kè, estwok ak kansè. Si ou vin ansent ankò, li pwoteje tibebe w la ki poko fèt kont domaj nesans nan kolòn vètebral yo ak nan sèvo yo ki devlope byen bonè nan gwosès la. Li rekòmande pou pran omwen 400 mikwogram (mcg) chak jou.

VERIFYE ETIKÈT NITRISYON POU JWENN ASE ASID FOLIK CHAK JOU.

KONSOME MANJE AK ASID FOLIK MENM SI OU PRAN YON GRENN VITAMIN OSWA MANJE SEREYAL FÒTIFYE.

Si w manje sereyal fòtifye, li etikèt la

Si w pran yon grenn vitamin, li etikèt la.

E FÈ?

ESEYE MANJE PLIS MANJE SA YO KI KI RICH AN FÈ:

  • Sereyal pou manje maten ki anrichi ak fè
  • Pwa sèch kuit tankou pwa blan, lantiy, pwa chich oswa pwa pinto
  • Vyann wouj san grès
  • Tofou
  • Ze
  • Legim tankou epina, chou vèt ak moutad
  • Pòmdetè ak po
  • Ji prin
  • Pen konplè

Ti Chanjman ak Chwa Sen yo Kontribye Pou Yon Pi Bon Sante!

Ti chanjman yo ka fè yon gwo diferans nan ede w santi w byen, gen plis enèji ak pèdi pwa. Gen anpil konsèy ke manman yo te pataje ki te fonksyone pou yo.
  1. Pa konsome manje ki soti dirèkteman nan anbalaj la – separe manje yo, tankou ti biskwit, nwa, trail mix, pretzèl, kib fwomaj, elatriye, nan resipyan endividyèl oswa nan sache ak zip. Pi bon toujou, mete legim nan yon veso pou ti goute ki bon pou lasante rapid san tout kalori yo.
  2. Kite kèk manje nan kwizin nan lè repa – sèvi legim ak salad ki pa gen anpil kalori yon fason familyal sou tab la epi sèvi plat prensipal la nan kizin nan.
  3. Sispann manje lè ou santi vant ou plen – raple tèt ou ke li nòmal pou sispann manje anvan asyèt ou a vid oswa anvan tout moun fini manje.
  4. Siveye pòsyon w yo – itilize ti asyèt epi mete mwens nan asyèt ou. Etid yo montre nou manje plis lè gen plis manje.
  5. Redui kèk manje – redui kalori lè w elimine manje ki gen anpil grès ak sik ajoute. Deside chwazi bwason dous, bonbon, gato, sirèt ak krèm glase kòm friyandiz okazyonèl. Limite vyann, tankou zo kòt, bekonn ak òldòg.
  6. Fè Manje – eseye resèt ki pi sen ki itilize mwens grès, sik ak sèl.
  7. Bwè dlo – mache ak dlo avèk ou pandan tout jounen an. Siwote dlo ka ede w ranpli w pou w pa manje anpil.
  8. Konsome manje ki bon pou lasante se sèlman yon pati nan santi w byen ak gen plis enèji – lè w aktif sa ede w tou.
  9. Rete aktif ede nouvo manman yo soulaje estrès – epi fè yon nouvo tibebe ka bay estrès!

Mande doktè w la kilè l ap san pwoblèm pou fè egzèsis epi kòmanse dousman.

Se Pou W Aktif Nenpòt Lè Ou Kapab

Kò w rete anfòm lè w bouje l. Si pwofesyonèl swen sante w la di oke, rete aktif. Mache ak naje se de bon fason.

LÈ W AKTIF FIZIKMAN SA KAPAB:

Ale dousman, nan kòmansman an. Kò w bezwen geri. Mande pwofesyonèl swen sante w lan kisa w ka fè epi kilè ou ka fè l.

Kòmanse ak yon mach 5 oubyen 10 minit . Apre yon semèn, mache yon ti jan pi long oubyen pi lwen. Etabli yon objektif ki fonksyone pou ou.

MEN LÒT FASON FASIL POU W BOUJE KÒ W:

Chanje abitid sante yo youn alafwa.

Fini abitye ak yon chanjman anvan w fè pwochen chanjman an.

Ki manje ou ta dwe diminiye sou yo?

EGZANP: Diminye a yon bwason gazez pa jou.

Ki manje ou ka chanje?

EGZANP: Manje yogout ki pa gen anpil grès pou manje maten.

Kisa w ka fè pou vin plis aktif?

EGZANP: Monte mach eskalye a, olye w pran asansè a.

Kreye Tan Pou Tèt Ou

Apresye nouvo tibebe w la, men pran swen tèt ou tou.

DEPRESYON APRE AKOUCHMAN

Anpil nouvo manman vin melankolik. Yo kriye, santi yo tris, epi gen chanjman imè. Melankoli an ka dire jiska 2 semèn. Si emosyon yo anpire, ou ka gen depresyon.

Si w panse ou ka gen depresyon apre akouchman, pale ak pwofesyonèl swen sante w la pou w jwenn èd. Depresyon ki pa trete vini difisil pou tibebe w lan, fanmi w, ak ou menm.

Si w gen panse pou w ta atake pwòp tèt ou oubyen tibebe w lan, chèche èd imedyatman.

Rele 1-800-273-8255 pou sipò emosyonèl gratis ak konfidansyèl 24 sou vennkat, 7 jou sou sèt. Ou kapab tou rele 988.

SIY DEPRESYON APRE AKOUCHMAN

Nenpòt nan emosyon sa yo ki dire plis pase 2 semèn:

ESEYE KALMAN POU REDUI ESTRÈS SA A

KENBE SOURI W ANSANTE.

Dan ak jansiv ki ansante se siy yon bon sante.

Konprann Siyal Tibebe W La

Tibebe w la itilize mouvman kò ak siyal pou di w sa li bezwen. Lè w reponn siyal tibebe w la sa ka ede yo vin kalm ak kontan.

“MWEN GRANGOU”

Lè mwen kòmanse grangou, mwen ka:

“VANT MWEN PLEN”

Lè mwen santi vant mwen plen, mwen ka:

“MWEN VLE TOUPRE OU”

Kòm tibebe w la ap vin pi gran, w ap pi byen kapab di lè yo pare pou kominike, aprann oswa jwe.

Lè tibebe w la ap mande w pou w ede l aprann plis sou ou menm ak nouvo mond li a, li ka:

“MWEN BEZWEN YON BAGAY POU M DIFERAN”

Pandan w ap aprann konnen tibebe w la, w ap kòmanse aprann sa yo ap eseye di w. Sa pran tan.

Lè tibebe w la bezwen yon ti repo lè l ap jwe ak aprann, oswa lè li bezwen yon ti tan trankil, li ka:

Bay Tibebe w la Bon Kòmansman an – Alètman!

Alètman natirèl, men li ka pran tan ak pratik. Ou menm ak tibebe w lan ap aprann pandan premye 3 semèn yo. Li vin pi fasil apre sa.
Pran repo w lan. Ou pral gen plis enèji pou tibebe w lan.
Bwè dlo, lèt ak 100% ji WIC lè ou swaf. Gen yon bwason ki pre pandan w ap alete.

KONSOME TWA REPA EPI OMWEN YON TI GOUTE CHAK JOU. MEN KÈK IDE TI GOUTE:

SI W PA BWÈ LÈT, PALE AK WIC. OU KA JWENN KALSYÒM NAN LÒT MANJE TANKOU:

Rejwenn yon gwoup sipò alètman kote ou ka pale ak lòt manman.

Rele WIC oswa yon konsiltan alètman si w gen kesyon sou alètman.

ALÈTMAN – BON POU OU, BON POU BEBE A

Èske w te konnen?

Alètman ka ede w diminye risk pou w gen dyabèt tip 2, ak kansè nan tete ak ovè.

Tibebe ki PA nan alètman:

Manman ki PA fè alètman:

POU MANMAN KI BAY LÈT TIBEBE:

Kit ou chwazi bay tibebe w lan lèt tete oswa lèt tibebe, tibebe w la konte sou ou pou ede li byen manje.

Rete an Sekirite

Tabak, alkòl, ak lòt dwòg ka fè ou menm ak tibebe w lan mal. Si w vin ansent ankò, tibebe w lan ka fèt twò piti oubyen ekspoze ak sibstans epi l soufri sevraj ki fè mal.
Kanpe lwe tabak.

LAFIMEN TABAK KAPAB:

Etabli yon règ “PA FIMEN” pou lakay ou. Pa kite moun fimen bò kote w ak tibebe w la.
Pou jwenn sipò pou kite fimen, ki gen ladan akonpayman gratis, yon plan pou kite gratis, materyèl edikatif gratis, ak referans pou resous lokal yo, rele 1-800-QUIT-NOW (1-800-784-8669).
Kanpe lwen tabak ak dwòg.
Alkòl ak dwòg ka detwi kò w ak lespri w. Ou ka bliye pran swen tibebe w lan. Kontakte pwofesyonèl swen sante w la, Alcoholics Anonymous lokal oswa sant tretman pou alkòl lokal ou a. Ale sou findtreatment.gov pou jwenn èd toupre kote w rete a.

Pa Janm Kite Tibebe W lan Ak Moun Ki Bwè Twòp Oubyen Ki Itilize Dwòg.

Di NON pou:

Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.

Konsèy

Mom new born home

LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
feeding solid foods

BAY MANJE KI SOLID:

Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:

Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

Prezante manba anviwon 6 mwa. Gaye yon ti manba oswa nwa fen sou yon ti bonbon sèl. Veye tibebe w la pou wè si gen nenpòt reyaksyon pandan 2 èdtan apre yo.

Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

Endis Alimantasyon

Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.

Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
Pouse Kwasans
Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
Yo souvan rive nan laj sa yo:
two-three-weeks
2 jiska 3 Semèn
six-weeks
6 Semèn
three-months
3 Mwa
six-months
6 Mwa

Ki manje mwen ka jwenn?