Skip to Content Skip to Footer
Delaware Wic Site Logo
  • Bay tete
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Vle Aprann Plis?
  • Kreyòl
    • English
    • Español

1 An ½ Jiska 2 An

  • Lakay
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Timoun yo
  • 1 An ½ Jiska 2 An
  • Entodiksyon
  • Manje maten
  • Manje midi
  • Ti goute
  • Dine
  • Kantite gwoup manje yo sigjere chak jou
  • Gade kisa m ka fè!
  • Kenbe m an sekirite ak an sante

Mwen ap grandi ak aprann chak jou.

Mwen bezwen èd ou pou m vin yon bon manjè epi ESEYE NOUVO MANJE!
KISA
  • Ofri ti kantite (1 jiska 2 gwo kiyè) plizyè manje, menm sa ou pa renmen yo.
  • Ofri m yon nouvo manje ansanm ak yon manje mwen abitye.
KÒMAN
  • Kite m itilize kiyè mwen an, dwèt mwen, oswa toulede. Mwen aprann lè mwen santi, goute, ak touche manje.
  • Si mwen pa renmen yon nouvo manje tousuit, sa pa pwoblèm! Ofri li ankò yon lòt lè. Li ka pran 10 fwa oswa plis anvan mwen deside eseye li.
  • Tanpri pa fòse m manje. Kite m manje fason pa m – vit oswa dousman.
KILÈ
  • Mwen bezwen yon woutin. An n manje nan menm lè a chak jou.
  • Lestomak mwen toujou piti, kidonk mwen grangou chak 2 oswa 3 èdtan.
  • Mwen fè pi byen ak 3 repa (dejene, manje midi, dine) ak 2 oswa 3 ti goute.
  • Mwen sèlman bezwen bwè dlo ant repa ak ti goute yo.
KI KOTE
  • Manje avè m. Lè w ap aprann nouvo bagay sa kapab efreyan. Mwen santi mwen an sekirite avèk ou epi mwen pral aprann pi byen ak sipò ou.
Kite m deside kisa ak ki kantite pou m manje.
Tanpri, pa fòse m manje plis oswa mwens pase sa mwen vle a.

Men kèk egzanp sou ki gwosè pòsyon repa ak ti goute yo ta ka ye nan plat mwen an.

Manje maten

¼ tas frèz koupe an ti mòso

½ tas lèt tete oswa lèt antye

Plate of Breakfast meal

½ tranch pen antye griye koupe an moso

1 ze kuit koupe an moso

Manje midi

½ fig gwosè mwayèn tranche

¼ tas pwa tann kuit, rache

Plate of lunch meal

¼ tas makawoni ak fwomaj grenn antye

½ tas dlo

Ti goute

Plate of snacks meal

½ tas sereyal sèk

2 a 3 ti bobon grenn antye ak fwomaj

¼ tas kawòt kuit, rache

bwè dlo ant repa ak ti goute yo

Dine

¼ tas konpòt pòm

½ tas bwokoli kuit, koupe an moso

Plate of dinner meal

1 tòtiya mayi medyòm, koupe an moso

¼ tas pwa pinto kuit, pire

½ tas lèt tete oswa lèt antye

Kantite gwoup manje yo sigjere chak jou​

FWI

2 pòsyon chak jou – 1 tas total
1 pòsyon = ½ tas

Fwi ki kuit, mou oswa ki kri.

Kraze, tranche, oswa rache.

Offri yon varyete: wouj, jòn, oranj, ble, ak vèt.

LEGIM

2 pòsyon chak jou – 1 tas total
1 pòsyon = ½ tas

Legim kuit ak kraze, tranche, oswa rache.

Ofri yon varyete: vèt fonse, oranj, wouj, jòn, ak vyolèt.

GRENN

6 pòsyon chak jou – 3 ons total
1 pòsyon = ½ ons

Moso ki menm gwosè ak mòde.

Pen grenn antye, totiyas, diri, oswa nouy.

Sereyal ki sèk oswa kuit.

PWOTEYIN

2 pòsyon chak jou – 2 ons total
1 pòsyon = 1 ons

Vyann kuit, rache, bèt volay, oswa pwason.

Ze.

Pwa kuit, pire oswa ti pwa.

Manba.

PWODUI LETYE

4 pòsyon chak jou – 2 tas total
1 pòsyon = ½ tas

Lèt matènèl (nan tete oswa ki tire) oswa lèt antye.

Yogout.

Fwomaj.

Gade kisa m ka fè!

  • Mwen konprann anpil nan sa ou di yo. Li, pale, epi chante pou mwen pou m ka aprann plis!
  • Mwen renmen imite sa ou fè. Kite m jwe ak yon bòl ak yon kiyè. M pral pretann m ap brase manje menm jan ou fè a.
  • Mwen toujou ap aprann kijan pou m itilize yon kiyè ak yon tas. Tanpri rete pasyan ak dezòd mwen an.
  • Mwen kapab itilize men mwen pou m poze blòk, voye balon, ak pouse ak rale jwèt. Jwe ak mwen!

Kenbe m an sekirite ak an sante

Mwen renmen kouri, vòltije, ak grenpe. Gade m lè m aktif pou m pa blese.

Mwen renmen eksplore. Mwen ouvri pòt ak tiwa pou m wè sa ki gen ladan yo. Kite m aprann, men kenbe m ansekirite.

Tanpri PA ban mwen manje ki ka toufe mwen tankou nwa antye, rezen antye, grenn, òldòg, oswa sirèt ki di.

Mwen bezwen egzamen ak vaksen pou m rete an sante. Mwen ta dwe konsilte doktè a lè m gen laj 18 mwa ak 2 lane.

Si mwen poko wè dantis la, pran premye randevou mwen. Mwen ta dwe bwose dan mwen de (2) fwa pa jou. Mande dantis mwen an kijan pou m kenbe dan m an sante.

Se pou avèk mwen pandan moman m ap pase devan ekran epi entèraji avè m. Sonje, pou pwograme anpil moman san ekran nan jounen mwen.

Delaware Wic Site Logo

Kontakte nou

Konte New Castle
(302) 283-7540
Imèl: nccwic@delaware.gov

Konte Kent
(302) 283-7540
Imèl: kentwic@delaware.gov

Konte Sussex
(302) 283-7540
Imèl: sussexwic@delaware.gov

Resous yo

  • Gid sou revni
  • Sipò WIC pou Alètman
  • Delaware WIC Kliyan Portal
  • Instagram
  • Facebook
  • Youtube

Imèl: dewicprogram@delaware.gov

USDA se yon founisè, anplwayè ak kreditè ki bay opòtinite egal.
Klike la a pou deklarasyon USDA ki pa diskriminasyon.

Cookie PolicyRèg sou enfòmasyon prive

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

    Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, apeprè 4 jiska 6 fwa nan 24 èdtan.

    Tibebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans anviwon 6 mwa daj epi yo ka manje pi souvan.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou nan lèt ki gen fè ladan. Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    Itilize lèt tete oswa lèt tibebe pou prepare 2-4 gwo kiyè sereyal tibebe ki gen fè ladan. Ofri de fwa pa jou.

    2-4 gwo kiyè ti moso pen sèk, ti bonbon sèl, ak sereyal. Ofri de fwa pa jou.

    Grains
    Legim

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Legim Kuit, pire, kraze.

    Vegetables
    Fwi

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Fwi Kuit, pire, kraze. Sòs pòm, pire pèch, oswa fig kraze.

    Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason, oswa legim an pire, kraze oswa pire.

    Ka ajoute yogout lèt antye lis.

    Pou dilye manba, sèvi ak sereyal tibebe oswa yogout lèt antye.

    Proteins

    Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

    Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete
    Kontinye bay tete sou demann, 3 fwa oswa plis chak jou.
    Lèt Tibebe

    16-24 ons chak jou. Ofri nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal pou tibebe WIC apwouve.

    Pen griye sèk, ti biskwit, pen, bagèl, woulo, oswa ponmkèt òdinè.

    Diri ak nouy ki kuit.

    10-12 Month Grains
    Legim

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Moso legim kwit gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Vegetables
    Fwi

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Fwi fre, kale, ak nan pòsyon gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Manba fen, lis.

    10-12 Month Proteins

    Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

    Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, omwen 4 fwa nan 24 èdtan.

    Si tibebe w la sanble mwens enterese nan tete apre ou fin prezante solid, eseye bay tete anvan ou ofri solid.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou.

    Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal tibebe òdinè ki gen fè ladan.

    Diri oswa pat òdinè.

    Biskwit ti bebe, ti moso pen, oswa tòtiya mou.

    8-9 Month Grains
    Legim

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Legim òdinè ki kwit, kraze ak yon fouchèt.

    8-9 Month Vegetables
    Fwi

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Fwi mou kale an moso ki gwosè yon bouche.

    Fwi nan bwat san sik.

    8-9 Month Fruits
    Pwoteyin

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Fwomaj kotaj oswa fwomaj dou.

    Manba oswa nwa fen, lis.

    8-9 Month Proteins
    I'm Hungry
    I'm Hungry

    Konsèy

    Mom new born home

    LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

    Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

    Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

    Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
    feeding solid foods

    BAY MANJE KI SOLID:

    Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:
    • Ka chita epi kenbe pwòp tèt li.
    • Louvri bouch li lè li wè manje.
    • Ka fèmen bouch li w ap foure yon kiyè nan bouch li.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

    Entwodui bè manba a lè tibebe a gen 6 mwa konsa. Melanje yon ti kiyè bè manba ak lèt tete oswa lèt an poud. Fè l vin likid epi fasil pou vale. Sèvi ak yon kiyè pou ba l yon ti goute nan pwodui a. Siveye nenpòt reyaksyon pandan 2 pwochen èdtan yo.

    Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

    Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

    Endis Alimantasyon

    Mwen Grangou
    Vant Mwen Plen
    Mwen Grangou
    • Stirring
      Ajitasyon
    • Mouth opening
      Bouch louvri
    • Turning head seeking/rooting
      Vire tèt chache/rasinen
    Vant Mwen Plen
    • Releases or falls off
      Lage oswa “tonbe”
    • Turns away
      Vire
    • Relaxes and opens fists
      Rilaks epi ouvri pla men l

    Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

    Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tibebe w la tete sou demann, omwen 7-9 fwa nan 24 èdtan.

    Lè tibebe w la kòmanse fè dan, li ka vle tete pi souvan.

    Lèt Tibebe

    25-45 ons nan 24 èdtan.

    Tibebe w la bezwen apeprè 4-6 ons lèt ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Tibebe w la ka kòmanse manje selon yon orè. Olye pou w konsantre sou kantite fiks, kite tibebe w la di w lè li pran ase.

    Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

    Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
    Pouse Kwasans
    Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
    Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
    Yo souvan rive nan laj sa yo:
    two-three-weeks
    2 jiska 3 Semèn
    six-weeks
    6 Semèn
    three-months
    3 Mwa
    six-months
    6 Mwa
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tete 8-12 fwa nan 24 èdtan pou ede tibebe w la rete an sante.

    Bay tete sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou, tankou souse men oswa souse bouch.

    Lèt Tibebe

    Nan premye jou yo, tibebe ki fèk fèt yo bezwen 2-3 ons lèt pou tibebe ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Nan fen premye mwa a, tibebe w la bezwen anviwon 4 ons chak 4 èdtan.

    Bay manje sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou.

    Ki manje mwen ka jwenn?

    Lis Manje Otorize

    Ki kote mwen ka achte?