Skip to Content Skip to Footer
Delaware Wic Site Logo
  • Bay tete
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Vle Aprann Plis?
  • Kreyòl
    • English
    • Español

Ponpe ak Konsève Lèt Ou

  • Lakay
  • Bay tete
  • Tout bagay sou lèt
  • Ponpe ak Konsève Lèt Ou
  • Fason Pou Ou Tire Lèt Ou ak Men oswa Ponp
  • Konsève Lèt Ou
  • Anvan Ou Tire Oswa Manipile Lèt Matènèl
  • Konsèy Pou Konjele Lèt
  • Konsèy Pou Dekonjele Ak Chofe Lèt
  • Byen Netwaye Ekipman Ponp lan
Breast milk pumping
Fason ou ponpe ak konsève lèt matènèl depann ak ki rapidite ou vle itilize li. Si ou pa kapab bay tibebe w la tete dirèkteman, li enpòtan pou w retire lèt la pandan moman tibebe w la nòmalman pran tete. Sa ap ede w kontinye pwodui lèt.

Fason Pou Ou Tire Lèt Ou ak Men oswa Ponp

Klike anba a pou aprann plis sou diferan fason pou w tire lèt.

hand-exp

TIRE LÈT AK MEN

manual

PONP MANYÈL

electric

PONP TETE ELEKTRIK

Konsève

Lèt Ou

LÈT MATÈNÈL KA KONSÈVE NAN:

Milk Bottle
  • Boutèy an vè ki pwòp avèk kouvèti ki byen sere
  • Boutèy an plastik di san BPA ki gen kouvèti ki byen sere
  • Sak pou konsève lèt, ki fèt pou lèt matènèl ki konjele

*Pa janm konsève lèt matènèl nan boutèy jetab oswa sak plastik ki pa fèt pou konsève lèt matènèl.

Lokal ak Tanperati pou Konsève
KONTWA
77°F (25°C) oswa pi frèt
(tanperati chanm)

Fèk tire oswa ponpe
Jiska 4 èdtan

Dekonjele, Te Konjele Anvan
1-2 èdtan

Sa ki rete apre alètman
(tibebe a pa te fini bibwon an)
Itilize nan 2 èdtan apre tibebe a fini bwè. Apre de èdtan, lèt matènèl ki rete dwe jete.

FRIJIDÈ
40°F (4°C)

Fèk tire oswa ponpe
Jiska 4 èdtan

Dekonjele, Te Konjele Anvan
1-2 èdtan

Sa ki rete apre alètman(tibebe a pa te fini bibwon an)
Itilize nan 2 èdtan apre tibebe a fini bwè. Apre de èdtan, lèt matènèl ki rete dwe jete.

FRIZÈ
0°F (-18°C) oswa pi frèt

Fèk tire oswa ponpe
Nan 6 mwa li pi bon.
Jiska 12 mwa akseptab.

Dekonjele, Te Konjele Anvan
PA JANM rekonjele lèt matènèl apre li fin dekonjele.

Sa ki rete apre alètman
(tibebe a pa te fini bibwon an)

Itilize nan 2 èdtan apre tibebe a fini bwè. Apre de èdtan, lèt matènèl ki rete dwe jete.

ANVAN OU TIRE OSWA MANIPILE LÈT MATÈNÈL

Washing hands
  • Lave men w avèk savon ak dlo
  • Si w itilize ponp, asire twous ponp lan ak tib la pwòp
Frozen breast milk bag

APRE CHAK PONPAJ

  • Mete etikèt sou veso konsèv la avèk dat la
  • Glase oswa refwadi lèt la touswit apre ou fin tire l
  • Konsève lèt matènèl nan yon sak izotèmik avèk yon pake glas pou jiska 24 èdtan

KONSÈY POU KONJELE LÈT

  • Konjele lèt matènèl nan ti kantite 2 a 4 ons (oswa kantite ou pral bay nan yon alètman) pou evite gaspiyaj lèt ki ka pa fini
  • Eseye kite yon pous oswa apeprè ant lèt la ak tèt veso a
  • Konsève lèt la pa anndan frizè a

KONSÈY POU DEKONJELE AK CHOFE LÈT

  • Itilize lèt konsève ki pi ansyen an anvan.
  • Ou ka dekonje lèt konjele a nan frijidè a lannuit, kite sak lèt konjele a anba dlo cho k ap koule oswa mete nan yon veso ki gen dlo cho. Teste tanperati a nan vide anpe sou pwanyè ou. Li ta dwe lejèman cho.
  • Jwenn bon tanperati lèt pou tibebe w la. Lèt matènèl pa nesesèman bezwen chofe. Gen kèk manman ki prefere detann yo epi sèvi li nan tanperati chanm.
  • Pa mete bibwon oswa sak lèt matènèl dirèkteman nan etajè a oswa nan mikwo-onn lan. Lèt nan mikwo-onn kreye pwen cho ki ka boule tibebe w la ak andomaje lèt la.
  • Ajite lèt matènèl la pou melanje grès la. Sekwe lèt la se pa yon bagay ki rekòmande akòz li ka dekonpoze kèk pati presye nan lèt la.
  • Itilize lèt matènèl dekonjele nan 24 èdtan (sa vle di apati lè li pa konjele ankò oswa li konplètman dekonjele, se pa apati lè ou te retire l nan frizè a). Pa tounen konjele lèt matènèl ou te dekonjele a.

Byen Netwaye

Ekipman Ponp lan

Cleaning pump parts
  • Demonte tib ponp lan ak separe tout pati ki gen kontak avèk tete w ak lèt la.
  • Rense pati ponp lan lè w kenbe yo anba dlo k ap koule a pou retire rès lèt la.
  • Pa mete oswa lave pati yo nan lavabo a. Jèm ki nan lavabo a ka kontamine pati yo.
  • Netwaye plizyè pati ponp lan yo nan lav-vesèl la oswa avèk men w nan yon basen pwòp avèk savon ak dlo.
  • Seche pati yo nan lè sou yon tòchon pwòp oswa sèvyèt an papye.
  • Itilize men ki pwòp, sere pati yo nan yon zòn ki pwòp ak pwoteje.
  • Jete ak ranplase tib ki gen mwazi a touswit.
  • Si w ap itilize yon ponp pataje, netwaye kadran ponp lan, bouton kouran an ak kontwa a avèk yon sèvyèt ki dezenfekte. Twous ponp lan pa ta dwe pataje.

Dezenfekte pou plis sekirite:

Dezenfekte plizyè pati ponp lan, lavabo a ak bwòs boutèy la yon fwa pa jou apre ou fin netwaye yo. Atik yo kapab dezenfekte avèk vapè, dlo bouyi oswa yon lav-vesèl ki gen pati dezenfektan.

Dezenfekte trè enpòtan si tibebe w la gen mwens pase 3 mwa, si li te fèt anvan lè oswa si li gen yon sistèm iminitè fèb akòz maladi oswa tretman medikal.

Delaware Wic Site Logo

Kontakte nou

Konte New Castle
Hudson: (302) 605-4066
West End: (302) 605-6653
Northeast/Claymont: (302) 605-4099
Imèl: nccwic@delaware.gov

Konte Kent
(302) 605-1833
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: kentwic@delaware.gov

Konte Sussex
(302) 605-4055
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: sussexwic@delaware.gov

Resous yo

  • Gid sou revni
  • Sipò WIC pou Alètman
  • Delaware WIC Kliyan Portal
  • Instagram
  • Facebook
  • Youtube

Imèl: dewicprogram@delaware.gov

Enstitisyon sa a se yon founisè opòtinite egalego.
Klike la a pou deklarasyon USDA ki pa diskriminasyon.

Cookie PolicyRèg sou enfòmasyon prive

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    hand-exp

    HAND EXPRESSION

    How it works

    Use your hand to gently massage and compress your breast to remove milk.

    What’s Involved

    • Requires practice, skill, and coordination.
    • Gets easier with practice and can be as fast as pumping.
    • Good if you are not often away from your baby or you need an option that is always with you. All moms should know how to hand express, in case they need to do it unexpectedly.

    Average Cost

    Free

    hand-exp

    EXTRACCIÓN MANUAL

    Cómo funciona

    Use la mano para masajearse y comprimir con suavidad el pecho a fin de extraer la leche.

    Qué se necesita

    • Requiere práctica, habilidad y coordinación.
    • Se vuelve más fácil con la práctica y puede ser tan rápida como si se usara un extractor.
    • Sirve si no está alejada de su bebé a menudo o si necesita una opción siempre disponible. Todas las mamás deberían saber extraerse leche manualmente, en caso de que tengan una necesidad imprevista.

    Costo promedio

    Gratis

    manual

    MANUAL PUMP

    How it works

    Use your hand and wrist to operate a hand-held device to pump the milk.

    What’s Involved

    • Requires practice, skill, and coordination. Useful for occasional pumping if you are away from your baby only once in a while.
    • May put you at higher risk of breast infection.

    Average Cost

    $30 to $50 (may be covered by insurance)

    manual

    EXTRACCIÓN CON EXTRACTOR MANUAL

    Cómo funciona

    Use la mano y la muñeca para manejar un dispositivo manual de extracción de leche.

    Qué se necesita

    • Requiere práctica, habilidad y coordinación. Sirve para extraerse leche ocasionalmente si está alejada de su bebé cada tanto.
    • Puede suponer un riesgo mayor de infección mamaria.

    Costo promedio

    $30 a $50 (a veces, lo cubre el seguro)

    electric

    ELECTRIC BREAST PUMP

    How it works

    Runs on battery or plugs into an electrical outlet.

    What’s Involved

    • Can be easier for some moms.
    • Can pump one or both breasts at the same time. Double pumping may collect more milk in less time, which is helpful if you are going back to work or school.
    • Need a place to clean and store the equipment between uses.

    Average Cost

    $150 to more than $250 (often covered by insurance)

    electric

    EXTRACTOR DE LECHE ELÉCTRICO

    Cómo funciona

    Usa baterías o se enchufa en un tomacorrientes eléctrico.

    Qué se necesita

    • Puede que sea más fácil para algunas mamás.
    • Es posible extraerse leche de un pecho o de los dos al mismo tiempo. Hacerlo en los dos pechos al mismo tiempo permite recolectar más leche en menos tiempo, y eso es útil si regresará a trabajar o estudiar.
    • Se necesita un espacio para limpiar y guardar el equipo cuando no se usa.

    Costo promedio

    $150 a más de $250 (a menudo, lo cubre el seguro)

    hand-exp

    TIRE LÈT AK MEN

    Kijan sa fonksyone

    Itilize men w pou fè masaj dousman ak konprès sou tete w pou retire lèt la.

    Sa li enplike

    • Mande pratik, konpetans ak kowòdinasyon.
    • Vin pi fasil avèk pratik epi kapab osi rapid ke ponpe.
    • Bon si ou pa souvan lwen tibebe w la oswa si ou bezwen yon opsyon ki toujou avèk ou. Tout manman ta dwe konnen kijan pou yo tire lèt ak men yo nan ka yo bezwen fè sa sanzatann.

    Kou Mwayen

    Gratis

    manual

    PONP MANYÈL

    Kijan li fonksyone

    Itilize men w ak pwanyè w pou manipile yon aparèy pòtatif pou ponpe lèt la.

    Sa li enplike

    • Mande pratik, konpetans ak kowòdinasyon. Itil pou ponpaj okazyonèl si ou lwen tibebe w la sèlman yon lè konsa.
    • Ka mete w nan risk pou gen enfeksyon tete.

    Kou Mayen

    $30 a $50 (ka gen asirans ki kouvri l)

    electric

    PONP TETE ELEKTRIK

    Kijan li fonksyone

    Fonksyone ak batri oswa ploge nan priz elektrik.

    Sa li enplike

    • Kapab pi fasil pou kèk manman.
    • Kapab ponpe youn oswa tou de tete yo an menm tan. Doub ponpaj ka kolekte plis lèt nan mwens tan, sa ki itil si w ap tounen nan travay oswa lekòl.
    • Bezwen yon plas pou netwaye ak konsève ekipman an apre itilizasyon.

    Kou Mwayen

    $150 ak plis pase $250 (asirans souvan kouvri l)

    Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

    Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, apeprè 4 jiska 6 fwa nan 24 èdtan.

    Tibebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans anviwon 6 mwa daj epi yo ka manje pi souvan.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou nan lèt ki gen fè ladan. Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    Itilize lèt tete oswa lèt tibebe pou prepare 2-4 gwo kiyè sereyal tibebe ki gen fè ladan. Ofri de fwa pa jou.

    2-4 gwo kiyè ti moso pen sèk, ti bonbon sèl, ak sereyal. Ofri de fwa pa jou.

    Grains
    Legim

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Legim Kuit, pire, kraze.

    Vegetables
    Fwi

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Fwi Kuit, pire, kraze. Sòs pòm, pire pèch, oswa fig kraze.

    Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason, oswa legim an pire, kraze oswa pire.

    Ka ajoute yogout lèt antye lis.

    Pou dilye manba, sèvi ak sereyal tibebe oswa yogout lèt antye.

    Proteins

    Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

    Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete
    Kontinye bay tete sou demann, 3 fwa oswa plis chak jou.
    Lèt Tibebe

    16-24 ons chak jou. Ofri nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal pou tibebe WIC apwouve.

    Pen griye sèk, ti biskwit, pen, bagèl, woulo, oswa ponmkèt òdinè.

    Diri ak nouy ki kuit.

    10-12 Month Grains
    Legim

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Moso legim kwit gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Vegetables
    Fwi

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Fwi fre, kale, ak nan pòsyon gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Manba fen, lis.

    10-12 Month Proteins

    Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

    Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, omwen 4 fwa nan 24 èdtan.

    Si tibebe w la sanble mwens enterese nan tete apre ou fin prezante solid, eseye bay tete anvan ou ofri solid.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou.

    Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal tibebe òdinè ki gen fè ladan.

    Diri oswa pat òdinè.

    Biskwit ti bebe, ti moso pen, oswa tòtiya mou.

    8-9 Month Grains
    Legim

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Legim òdinè ki kwit, kraze ak yon fouchèt.

    8-9 Month Vegetables
    Fwi

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Fwi mou kale an moso ki gwosè yon bouche.

    Fwi nan bwat san sik.

    8-9 Month Fruits
    Pwoteyin

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Fwomaj kotaj oswa fwomaj dou.

    Manba oswa nwa fen, lis.

    8-9 Month Proteins
    I'm Hungry
    I'm Hungry

    Konsèy

    Mom new born home

    LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

    Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

    Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

    Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
    feeding solid foods

    BAY MANJE KI SOLID:

    Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:
    • Ka chita epi kenbe pwòp tèt li.
    • Louvri bouch li lè li wè manje.
    • Ka fèmen bouch li w ap foure yon kiyè nan bouch li.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

    Entwodui bè manba a lè tibebe a gen 6 mwa konsa. Melanje yon ti kiyè bè manba ak lèt tete oswa lèt an poud. Fè l vin likid epi fasil pou vale. Sèvi ak yon kiyè pou ba l yon ti goute nan pwodui a. Siveye nenpòt reyaksyon pandan 2 pwochen èdtan yo.

    Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

    Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

    Endis Alimantasyon

    Mwen Grangou
    Vant Mwen Plen
    Mwen Grangou
    • Stirring
      Ajitasyon
    • Mouth opening
      Bouch louvri
    • Turning head seeking/rooting
      Vire tèt chache/rasinen
    Vant Mwen Plen
    • Releases or falls off
      Lage oswa “tonbe”
    • Turns away
      Vire
    • Relaxes and opens fists
      Rilaks epi ouvri pla men l

    Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

    Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tibebe w la tete sou demann, omwen 7-9 fwa nan 24 èdtan.

    Lè tibebe w la kòmanse fè dan, li ka vle tete pi souvan.

    Lèt Tibebe

    25-45 ons nan 24 èdtan.

    Tibebe w la bezwen apeprè 4-6 ons lèt ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Tibebe w la ka kòmanse manje selon yon orè. Olye pou w konsantre sou kantite fiks, kite tibebe w la di w lè li pran ase.

    Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

    Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
    Pouse Kwasans
    Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
    Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
    Yo souvan rive nan laj sa yo:
    two-three-weeks
    2 jiska 3 Semèn
    six-weeks
    6 Semèn
    three-months
    3 Mwa
    six-months
    6 Mwa
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tete 8-12 fwa nan 24 èdtan pou ede tibebe w la rete an sante.

    Bay tete sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou, tankou souse men oswa souse bouch.

    Lèt Tibebe

    Nan premye jou yo, tibebe ki fèk fèt yo bezwen 2-3 ons lèt pou tibebe ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Nan fen premye mwa a, tibebe w la bezwen anviwon 4 ons chak 4 èdtan.

    Bay manje sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou.

    Ki manje mwen ka jwenn?

    Lis Manje Otorize

    Ki kote mwen ka achte?