Skip to Content Skip to Footer
Delaware Wic Site Logo
  • Bay tete
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Vle Aprann Plis?
  • Kreyòl
    • English
    • Español

Nitrisyon ak Kondisyònman Fizik

  • Lakay
  • Bay tete
  • Rete an sante
  • Nitrisyon ak Kondisyònman Fizik
  • Entwodiksyon
  • Manje pou manman ki bay tete
  • Rejim Vejetalyen
  • Kondisyònman Fizik
  • Konsèy sou Manje Pwason
lady drinking water
Yon rejim sen enpòtan pou tout moun. Gen kèk nouvo manman ki mande si yo ta dwe sou yon rejim espesyal pandan y ap bay tete. Repons lan se non. Ou kapab kontinye pwofite manje ki enpòtan pou fanmi w, sa gen ladan repa ou konnen ak renmen.
KONSÈY SOU NITRISYON
  • Bwè anpil likid pou w rete idrate.
  • Limite bwason ki gen sik yo ajoute, tankou soda ak bwason fwi.
  • Limite kantite kafeyin ou pran chak jou.
  • Chwazi yon divèsite nan tout gwoup alimantè yo: fwi, legim, sereyal, pwodui letye ak manje pwoteyin.
  • Pale ak founisè swen sante ou konsènan pou w pran sipleman.
  • - Anplis de chwa alimantè sen, gen kèk fanm ki ka bezwen sipleman.
GEN KÈK MANJE KI AFEKTE LÈT OU
Pafwa yon tibebe ki nan tete ka sansib ak kèk bagay manman an manje.

Sentòm annapre yo ka endike tibebe w la gen yon alèji oswa sansibilite ak yon bagay ou manje:

  • Dyare, vomisman, twalèt vèt ki gen likid pwès oswa san
  • Gratèl, egzema, dèmatit, itikè, po sèch
  • Iritabilite pandan oswa apre alètman
  • Kriye entans pou yon peryòd long
  • Reveye sibitman avèk malèz
  • Respirasyon anlè oswa tous

Siy sa yo pa vle di tibebe w la gen alèji ak lèt ou, men sèlman ak yon bagay ou te manje.
Ou ka bezwen sispann manje nenpòt bagay ki deranje tibebe w la oswa manje mwens ladan. Apre kèk mwa, ou gendwa kapab tounen manje li ankò avèk pi bon rezilta.

baby checkup
Pale ak founisè swen sante tibebe w la si ou remake tibebe w la gen nenpòt sentòm alèji ak manje. Si tibebe w la gen nenpòt pwoblèm respirasyon, rele 911 oswa ale nan lopital ijans ki pi pre w la touswit.
baby checkup

Manje pou

manman ki bay tete

FWI
LEGIM
SEREYAL
PWOTEYIN
PWODUI LETYE
FWI
Fwi

Kantite:

2 tas

Pòsyon:

  • 1 tas fwi oswa 100% ji
  • ½ tas fwi sèk
LEGIM
Legim

Kantite:

3 tas

Pòsyon:

  • 1 tas legim kri oswa kwit oswa 100% ji
  • 2 tas legim fèy kri
SEREYAL
Sereyal

Kantite:

8 ons

Pòsyon:

  • 1 tranch pen
  • 1 ons sereyal ki pare pou manje
  • ½ tas makawoni kwit, diri oswa sereyal
PWOTEYIN
Pwoteyin

Kantite:

6 ½ ounces

Pòsyon:

  • 1 ons vyann mèg, volay oswa fwidmè
  • ¼ tas pwa kwit
  • ½ ons nwa oswa 1 gwo kiyè manba
  • 1 ze
PWODUI LETYE
Pwodui Letye

Kantite:

3 tas

Pòsyon:

  • 1 tas lèt
  • 8 ons yogout
  • 1 ½ ons fwomaj natirèl
  • 2 ons fwomaj transfòme

Jwenn Yon Plan Kotidyen pou Manman ki Konsevwa Jis Pou Ou Menm

Zouti sou entènèt, entèraktif USDA a kapab ede w chwazi manje sou baz abitid alètman tibebe w la ak bezwen enèjetik ou.

Ale nan https://www.myplate.gov/life-stages/pregnancy-and-breastfeeding
Mother taking medicine

Rejim

Vejetalyen

Si ou swiv yon rejim ki pa gen ladan okenn fòm pwoteyin animal oswa tibebe w la ka pa jwenn ase vitamin B-12.
Nan tibebe yo, lè yo pa gen ase B-12 sa ka lakòz sentòm tankou:

  • Pèt apeti
  • Devlopman motè lan
  • Fatige anpil
  • Misk fèb
  • Vomisman

Ou ka ede pwoteje sante ou menm ak tibebe w la lè w pran sipleman vitamin B-12 pandan w ap bay tete. Pale ak founisè swen sante w la konsènan bezwen sipleman ou yo.

Kondisyònman Fizik

Rete aktif ap ede ou rete an sante, santi w pi byen ak gen plis enèji. Li pa afekte kalite oswa kantite lèt ou oswa kwasans tibebe w la. Amwenske doktè w la di w pou w pa rete aktif, ajoute 2½ èdtan aktivite fizik chak semèn.
Kòmanse ak yon aktivite 10 oswa 15 minit ke ou kapab fè pifò jou yo pandan semèn nan.

Konsèy sou Manje Pwason

Pwason ak lòt manje ki gen anpil pwoteyin yo gen eleman nitritif ki kapab ede kwasans ak devlopman tibebe w la. Gen kèk pwason ki gen pi wo nivo mèki ki kapab pase bay tibebe w la atravè lèt matènèl la. Ekspozisyon ak mèki ka fè mal ak sèvo tibebe w la ak devlopman sistèm nève li. Tablo sa kapab ede w chwazi pwason pou w manje, epi konbyen fwa pou w manje yo, tou depann de nivo mèki yo.
PI BON CHWA YO
Manje 2 a 3 pòsyon chak semèn
  • Anchwa
  • Koubayè Atlantik
  • Makwo Atlantik
  • Ba Nwa
  • Pwason-papiyon
  • Pwason-chat
  • Paloud
  • Mori
  • Krab
  • Ekrevis
  • Flèt
  • Eglefen
  • Mèlich
  • Aran
  • Woma, Ameriken ak epin
  • Milè
  • Zwit
  • Makwo pasifik
  • Pèch, dlo dous ak oseyann
  • Bwochè
  • Pli
  • Gobèj
  • Somon
  • Sadin
  • Kokiy Sen Jak
  • Aloz
  • Krevèt
  • Rè
  • Epèlan
  • Sòl
  • Kalma
  • Tilapya
  • Twit, limyè nan konsèv (sa gen ladan listao)
  • Pwason blan
  • Mèlan
BON CHWA YO
Manje 1 pòsyon chak semèn
  • Pwason ble
  • Pwason Buffalo
  • Kap
  • Ba Chili/Lejin Ostral
  • Mewou
  • Fletan
  • Mahi mahi/Dofen
  • Lòt
  • Sebas
  • Chabonye
  • Brèm
  • Vivano
  • Makwo Panyòl
  • Ba Reye (oseyan)
  • Dàn dore (Oseyan Atlantik)
  • Ton, albakò/ton blan, konsève ak fre/jele
  • Ton, albakò
  • Akoupa/twit
  • Croaker blan/Croaker pasifik
CHWA POU W EVITE
(Pi Wo Nivo Mèki)
  • Makwo wa
  • Makè
  • Oplostèt oranj
  • Reken
  • Espadon
  • Dàn dore (Gòlf Meksik)
  • Ton, ton obèz
Delaware Wic Site Logo

Kontakte nou

Konte New Castle
Hudson: (302) 605-4066
West End: (302) 605-6653
Northeast/Claymont: (302) 605-4099
Imèl: nccwic@delaware.gov

Konte Kent
(302) 605-1833
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: kentwic@delaware.gov

Konte Sussex
(302) 605-4055
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: sussexwic@delaware.gov

Resous yo

  • Gid sou revni
  • Sipò WIC pou Alètman
  • Delaware WIC Kliyan Portal
  • Instagram
  • Facebook
  • Youtube

Imèl: dewicprogram@delaware.gov

Enstitisyon sa a se yon founisè opòtinite egalego.
Klike la a pou deklarasyon USDA ki pa diskriminasyon.

Cookie PolicyRèg sou enfòmasyon prive

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

    Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, apeprè 4 jiska 6 fwa nan 24 èdtan.

    Tibebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans anviwon 6 mwa daj epi yo ka manje pi souvan.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou nan lèt ki gen fè ladan. Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    Itilize lèt tete oswa lèt tibebe pou prepare 2-4 gwo kiyè sereyal tibebe ki gen fè ladan. Ofri de fwa pa jou.

    2-4 gwo kiyè ti moso pen sèk, ti bonbon sèl, ak sereyal. Ofri de fwa pa jou.

    Grains
    Legim

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Legim Kuit, pire, kraze.

    Vegetables
    Fwi

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Fwi Kuit, pire, kraze. Sòs pòm, pire pèch, oswa fig kraze.

    Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason, oswa legim an pire, kraze oswa pire.

    Ka ajoute yogout lèt antye lis.

    Pou dilye manba, sèvi ak sereyal tibebe oswa yogout lèt antye.

    Proteins

    Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

    Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete
    Kontinye bay tete sou demann, 3 fwa oswa plis chak jou.
    Lèt Tibebe

    16-24 ons chak jou. Ofri nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal pou tibebe WIC apwouve.

    Pen griye sèk, ti biskwit, pen, bagèl, woulo, oswa ponmkèt òdinè.

    Diri ak nouy ki kuit.

    10-12 Month Grains
    Legim

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Moso legim kwit gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Vegetables
    Fwi

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Fwi fre, kale, ak nan pòsyon gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Manba fen, lis.

    10-12 Month Proteins

    Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

    Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, omwen 4 fwa nan 24 èdtan.

    Si tibebe w la sanble mwens enterese nan tete apre ou fin prezante solid, eseye bay tete anvan ou ofri solid.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou.

    Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal tibebe òdinè ki gen fè ladan.

    Diri oswa pat òdinè.

    Biskwit ti bebe, ti moso pen, oswa tòtiya mou.

    8-9 Month Grains
    Legim

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Legim òdinè ki kwit, kraze ak yon fouchèt.

    8-9 Month Vegetables
    Fwi

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Fwi mou kale an moso ki gwosè yon bouche.

    Fwi nan bwat san sik.

    8-9 Month Fruits
    Pwoteyin

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Fwomaj kotaj oswa fwomaj dou.

    Manba oswa nwa fen, lis.

    8-9 Month Proteins
    I'm Hungry
    I'm Hungry

    Konsèy

    Mom new born home

    LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

    Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

    Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

    Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
    feeding solid foods

    BAY MANJE KI SOLID:

    Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:
    • Ka chita epi kenbe pwòp tèt li.
    • Louvri bouch li lè li wè manje.
    • Ka fèmen bouch li w ap foure yon kiyè nan bouch li.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

    Entwodui bè manba a lè tibebe a gen 6 mwa konsa. Melanje yon ti kiyè bè manba ak lèt tete oswa lèt an poud. Fè l vin likid epi fasil pou vale. Sèvi ak yon kiyè pou ba l yon ti goute nan pwodui a. Siveye nenpòt reyaksyon pandan 2 pwochen èdtan yo.

    Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

    Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

    Endis Alimantasyon

    Mwen Grangou
    Vant Mwen Plen
    Mwen Grangou
    • Stirring
      Ajitasyon
    • Mouth opening
      Bouch louvri
    • Turning head seeking/rooting
      Vire tèt chache/rasinen
    Vant Mwen Plen
    • Releases or falls off
      Lage oswa “tonbe”
    • Turns away
      Vire
    • Relaxes and opens fists
      Rilaks epi ouvri pla men l

    Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

    Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tibebe w la tete sou demann, omwen 7-9 fwa nan 24 èdtan.

    Lè tibebe w la kòmanse fè dan, li ka vle tete pi souvan.

    Lèt Tibebe

    25-45 ons nan 24 èdtan.

    Tibebe w la bezwen apeprè 4-6 ons lèt ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Tibebe w la ka kòmanse manje selon yon orè. Olye pou w konsantre sou kantite fiks, kite tibebe w la di w lè li pran ase.

    Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

    Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
    Pouse Kwasans
    Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
    Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
    Yo souvan rive nan laj sa yo:
    two-three-weeks
    2 jiska 3 Semèn
    six-weeks
    6 Semèn
    three-months
    3 Mwa
    six-months
    6 Mwa
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tete 8-12 fwa nan 24 èdtan pou ede tibebe w la rete an sante.

    Bay tete sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou, tankou souse men oswa souse bouch.

    Lèt Tibebe

    Nan premye jou yo, tibebe ki fèk fèt yo bezwen 2-3 ons lèt pou tibebe ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Nan fen premye mwa a, tibebe w la bezwen anviwon 4 ons chak 4 èdtan.

    Bay manje sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou.

    Ki manje mwen ka jwenn?

    Lis Manje Otorize

    Ki kote mwen ka achte?