Skip to Content Skip to Footer
Delaware Wic Site Logo
  • Bay tete
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Vle Aprann Plis?
  • Kreyòl
    • English
    • Español

Jwenn Sipò

  • Lakay
  • Bay tete
  • Jwenn Sipò
  • Jwenn Sipò ak
    Enfòmasyon
  • Sipò manman-a-manman
  • Pèonèl WIC
  • Patnè ak Manm Fanmi Ou
  • Pwofesyonèl
  • Bay Tete an Piblik
Mother providing supportive care to her baby during feeding

Jwenn Sipò ak

Enfòmasyon

Anpil manman bezwen èd pou bay tete. Bon nouvèl la sè ke gen anpil moun ou kapab kontakte pou w jwenn èd ak sipò – sa gen ladan WIC!

Monte yon ekip alètman. Gen yon sistèm sipò enpòtan pou siksè w nan bay tete. Deside kiyès ou vle genyen nan ekip ou epi pale ak li sou objektif alètman ou yo.

Ekip Sipò Alètman Ou Ka Gen Ladan:

  • Pèsonèl WIC
  • Patnè ou
  • Manm fanmi ak zanmi
  • Lòt manman k ap bay tete
  • Pwofesyonèl alètman

Sipò

manman-a-manman

Lòt manman ki bay tete se yon gwo sous sipò. Yo kapab pataje konsèy ak ofri bon konsèy. Yo ka pataje tou istwa alètman pèsonèl yo ki pral enspire ak reyasire ou.

FASON POU W KONEKTE AK LÒT MANMAN KI BAY TETE:

Kontakte Konseye Kamarad ou a
  • Konseye Kòlèg sou Alètman nan WIC
Kèk pwogram WIC ofri konseye kòlèg. “Kòlèg” vle di konseye a te bay pwòp tibebe li tete epi kapab ede lòt manman bay tete.
  • Gwoup Sipò sou Alètman

Mande WIC, doktè ou oswa lòt ekspè alètman pou sijere w yon gwoup sipò.

  • - Klinik, biwo doktè ak lopital WIC yo souvan gen IBCLC nan pèsonèl la ki dirije reyinyon gwoup sipò regilye.
  • Jwenn yon lokal gwoup sipò La Leche League lè w ale sou sitwèb yo nan www.llli.org.
  • Chèche yon sant alètman toupre ou..
Sant sa yo ka ofri gwoup sipò. Kèk nan resous yo gen ladan:
  • - Konsèy Konsiltatif pou Manman k ap Bay Tete
  • - Nursing Mothers, Inc.
  • - BreastfeedingUSA.org
Sit rezo sosyal ak tablo mesaj yo kapab ede ou konekte avèk lòt manman.
Sa yo se gwo sistèm sipò men li pi bon pou w pa konte sou rezo sosyal pou konsèy medikal oswa sipò klinik sou alètman. Pou difikilte tankou doulè nan pwent tete oswa pwoblèm pwodiksyon lèt, pale ak WIC, doktè ou oswa lòt ekspè nan alètman pito.

Pèonèl

WIC

WIC gen ekspè nan alètman – konsiltan nan laktasyon ak konseye kòlèg – ki pare pou sipòte objektif alètman ou yo. WIC kapab reponn kesyon ak ede ak difikilte pou bay tete yo.

Kijan WIC Sipòte Alètman:

  • Pèsonèl la reponn kesyon sou alètman yo nan klinik oswa atravè Liy Èd sou Alètman an
  • WIC ofri pake alimantè amelyore pou manman k ap bay tete yo ak tibebe yo
  • WIC bay ponp tete bon kalite pou manman ki bezwen youn
Ou pa poukont ou nan pakou bay tete ou a. Jis rele pou w jwenn èd!
KONTAKTE WIC

Patnè ak

Manm Fanmi Ou

Bay tete se plis ke yon fason pou w nouri yon tibebe — li tounen yon mòd lavi. Papa, patnè, manm fanmi ak lòt moun ki bay sipò kapab patisipe nan alètman an tou.

KIJAN PATNÈ OU AK MANM FANMI AN KAPAB SIPÒTE OU:

Happy child
  • Ankouraje efò alètman ou
  • Kenbe tibebe a po nan po
  • Karese tibebe a pou w ka repoze
  • Fè lekti pou tibebe a
  • Ede ou detann
  • Pote dlo pou ou
  • Chanje kouchèt
  • Bay douch
  • Fè acha
  • Kwit manje
  • Lave rad
  • Pase tan ak lòt timoun

Pwofesyonèl

  • Konsiltan nan Laktasyon Sètifye pa Konsèy Entènasyonal (IBCLC)
  • IBCLC se pwofesyonèl alètman sètifye ki gen pi gwo nivo konesans ak konpetans nan sipò pou alètman. Ale nan www.uslca.org pou jwenn yon IBCLC nan zòn ou.
  • Konseye laktasyon sètifye oswa edikatè alètman sètifye
  • Yon konseye oswa edikatè alètman gen fòmasyon espesyal ak anseye sou alètman. Yo ede fanm yo avèk difikilte ak kesyon sou alètman yo.
  • Baby-Friendly® Hospitals
  • Baby-Friendly® Hospitals bay sipò pou manman ki bay tete, sa gen ladan:
  • - Kenbe manman ak tibebe yo ansanm pandan sejou yo lopital la
  • - Anseye siyal alimantasyon yo ak teknik alètman
  • - Bay oswa konekte ak sipò apre nou kite lopital la
Pou plis enfòmasyon sou Baby-Friendly® hospitals, ale sou www.babyfriendlyusa.org.

Bay Tete an

Piblik

Gen kèk manman ki santi yo malalèz pou bay tete an piblik. Si ou konsa tou, sonje w ap alimante tibebe w la epi ou p ap fè anyen ki mal. W ap satisfè bezwen tibebe ou.

Li pa posib pou w rete lakay toutan. Pa ezite alimante tibebe w la pandan ou deyò lakay ou. Rete fyè de angajman ou!

KONSÈY POU EDE OU SANTI W PI ALÈZ LÈ W AP BAY TETE AN PIBLIK:

  • Mete rad ki pèmèt ou gen aksè fasil ak tete w tankou soutyen pou bay tete ak kòsaj ki laj oswa ki gen bouton
  • Pratike lakay dabò pou asire ou montre sèlman pati ou santi ou alèz pou w montre
  • Itilize yon kouvèti pou bay tete oswa kouvèti pou tibebe bò zepòl ou
  • Bay fas ak mi nan yon restoran oswa chita nan yon kabin
  • Bay tete nan yon salon fanm oswa yon vestyè nan magazen
  • Mete yon afich "Pa Deranje" deyò pòt la pou plis vi prive
TELECHAJE KW0CHÈT PÒT "PA DERANJE"
Mother feeding her baby outdoors

Gen lwa nan pifò eta yo ki pwoteje fanm k ap bay tete. Lwa sa yo anplas akòz bay tete se pi bon chwa pou sante yon manman ak tibebe li.

Klike Isit la pou wè lwa yo nan eta ou. 

Kwè nan tèt ou ak chwa ou pou bay tibebe w tete!
Delaware Wic Site Logo

Kontakte nou

Konte New Castle
Hudson: (302) 605-4066
West End: (302) 605-6653
Northeast/Claymont: (302) 605-4099
Imèl: nccwic@delaware.gov

Konte Kent
(302) 605-1833
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: kentwic@delaware.gov

Konte Sussex
(302) 605-4055
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: sussexwic@delaware.gov

Resous yo

  • Gid sou revni
  • Sipò WIC pou Alètman
  • Delaware WIC Kliyan Portal
  • Instagram
  • Facebook
  • Youtube

Imèl: dewicprogram@delaware.gov

Enstitisyon sa a se yon founisè opòtinite egalego.
Klike la a pou deklarasyon USDA ki pa diskriminasyon.

Cookie PolicyRèg sou enfòmasyon prive

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

    Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, apeprè 4 jiska 6 fwa nan 24 èdtan.

    Tibebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans anviwon 6 mwa daj epi yo ka manje pi souvan.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou nan lèt ki gen fè ladan. Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    Itilize lèt tete oswa lèt tibebe pou prepare 2-4 gwo kiyè sereyal tibebe ki gen fè ladan. Ofri de fwa pa jou.

    2-4 gwo kiyè ti moso pen sèk, ti bonbon sèl, ak sereyal. Ofri de fwa pa jou.

    Grains
    Legim

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Legim Kuit, pire, kraze.

    Vegetables
    Fwi

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Fwi Kuit, pire, kraze. Sòs pòm, pire pèch, oswa fig kraze.

    Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason, oswa legim an pire, kraze oswa pire.

    Ka ajoute yogout lèt antye lis.

    Pou dilye manba, sèvi ak sereyal tibebe oswa yogout lèt antye.

    Proteins

    Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

    Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete
    Kontinye bay tete sou demann, 3 fwa oswa plis chak jou.
    Lèt Tibebe

    16-24 ons chak jou. Ofri nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal pou tibebe WIC apwouve.

    Pen griye sèk, ti biskwit, pen, bagèl, woulo, oswa ponmkèt òdinè.

    Diri ak nouy ki kuit.

    10-12 Month Grains
    Legim

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Moso legim kwit gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Vegetables
    Fwi

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Fwi fre, kale, ak nan pòsyon gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Manba fen, lis.

    10-12 Month Proteins

    Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

    Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, omwen 4 fwa nan 24 èdtan.

    Si tibebe w la sanble mwens enterese nan tete apre ou fin prezante solid, eseye bay tete anvan ou ofri solid.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou.

    Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal tibebe òdinè ki gen fè ladan.

    Diri oswa pat òdinè.

    Biskwit ti bebe, ti moso pen, oswa tòtiya mou.

    8-9 Month Grains
    Legim

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Legim òdinè ki kwit, kraze ak yon fouchèt.

    8-9 Month Vegetables
    Fwi

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Fwi mou kale an moso ki gwosè yon bouche.

    Fwi nan bwat san sik.

    8-9 Month Fruits
    Pwoteyin

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Fwomaj kotaj oswa fwomaj dou.

    Manba oswa nwa fen, lis.

    8-9 Month Proteins
    I'm Hungry
    I'm Hungry

    Konsèy

    Mom new born home

    LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

    Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

    Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

    Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
    feeding solid foods

    BAY MANJE KI SOLID:

    Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:
    • Ka chita epi kenbe pwòp tèt li.
    • Louvri bouch li lè li wè manje.
    • Ka fèmen bouch li w ap foure yon kiyè nan bouch li.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

    Entwodui bè manba a lè tibebe a gen 6 mwa konsa. Melanje yon ti kiyè bè manba ak lèt tete oswa lèt an poud. Fè l vin likid epi fasil pou vale. Sèvi ak yon kiyè pou ba l yon ti goute nan pwodui a. Siveye nenpòt reyaksyon pandan 2 pwochen èdtan yo.

    Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

    Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

    Endis Alimantasyon

    Mwen Grangou
    Vant Mwen Plen
    Mwen Grangou
    • Stirring
      Ajitasyon
    • Mouth opening
      Bouch louvri
    • Turning head seeking/rooting
      Vire tèt chache/rasinen
    Vant Mwen Plen
    • Releases or falls off
      Lage oswa “tonbe”
    • Turns away
      Vire
    • Relaxes and opens fists
      Rilaks epi ouvri pla men l

    Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

    Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tibebe w la tete sou demann, omwen 7-9 fwa nan 24 èdtan.

    Lè tibebe w la kòmanse fè dan, li ka vle tete pi souvan.

    Lèt Tibebe

    25-45 ons nan 24 èdtan.

    Tibebe w la bezwen apeprè 4-6 ons lèt ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Tibebe w la ka kòmanse manje selon yon orè. Olye pou w konsantre sou kantite fiks, kite tibebe w la di w lè li pran ase.

    Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

    Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
    Pouse Kwasans
    Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
    Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
    Yo souvan rive nan laj sa yo:
    two-three-weeks
    2 jiska 3 Semèn
    six-weeks
    6 Semèn
    three-months
    3 Mwa
    six-months
    6 Mwa
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tete 8-12 fwa nan 24 èdtan pou ede tibebe w la rete an sante.

    Bay tete sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou, tankou souse men oswa souse bouch.

    Lèt Tibebe

    Nan premye jou yo, tibebe ki fèk fèt yo bezwen 2-3 ons lèt pou tibebe ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Nan fen premye mwa a, tibebe w la bezwen anviwon 4 ons chak 4 èdtan.

    Bay manje sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou.

    Ki manje mwen ka jwenn?

    Lis Manje Otorize

    Ki kote mwen ka achte?