Skip to Content Skip to Footer
Delaware Wic Site Logo
  • Bay tete
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Vle Aprann Plis?
  • Kreyòl
    • English
    • Español

Pran Swen Tibebe W La6 jiska 12 Mwa

  • Lakay
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Tibebe
  • 6 jiska 12 Mwa
  • Mwen se Tibebe Ou a
  • Mwen Pral Pase Pa 4 Etap Alimantè
  • Fè Premye Manje Mwen an yon Sèl Manje
  • Mwen Bezwen Manje Jan Mwen Vle
  • Ki kantite mwen ta dwe manje?
  • Sekirite Manje
  • Jwe ak mwen!
  • Gade kisa m ka fè!
  • Kenbe m an sekirite ak an sante

Mwen se Tibebe Ou a.

Mwen grandi pi byen ak lanmou epi manje ki kòrèk.
  • Mwen bezwen lèt tete oswa lèt ki gen fè jiskaske mwen gen yon lane. Ou ka toujou ban m tete apre mwen gen yon lane.
  • Mwen konnen lè mwen grangou oswa vant mwen plen. Mwen fè w konnen selon jan mwen aji. Tanpri ban m manje lè m aji tankou m grangou. Kite m manje jiskaske vant mwen plen.
  • Mwen pral gen yon pouse kwasans alantou 6 mwa. Mwen ka pran tete pi souvan oswa pi lontan.
  • M ap grandi rapid. Si mwen pran lèt tete oswa lèt nan yon bibwon, sa ka rive mwen bwè plis pase 4 ons lè m ap manje.
  • Lè m gen anviwon 7 oswa 8 mwa, ede m aprann kijan pou m bwè nan yon gode. Ofri yon gode lèt tete, lèt, oswa dlo nan moman manje ak ti goute.
Cute baby feeding

Avèk Èd Ou Mwen Pral Aprann Konsome Manje

Lè mwen gen apeprè 6 mwa, mwen ka kòmanse konsome manje solid. Tanpri ale dousman.

Si fanmi nou gen alèji oswa mwen fèt prematire, pale ak pwofesyonèl swen sante mwen an oswa WIC anvan mwen kòmanse konsome manje solid.

Asire w Mwen Pare

Pou m konsome manje solid, mwen dwe kapab:
  • Chita epi kenbe tèt mwen dwat.
  • Montre mwen vle manje lè mwen ouvri bouch mwen oswa pran l nan yon kiyè.
  • Montre m pa vle manje lè m fèmen bouch mwen oubyen vire tèt mwen.
Blue brush shape
Cute baby feeding

Mwen Pral Pase Pa 4 Etap Alimantè:

1

Mou: pase nan paswa oubyen pire
Smooth, strained or pureed food.

2

Kraze: mou avèk kèk ti moso
Mashed food with tiny lumps

3

Koupe: plis ti moso
Chopped food with more lumps

4

Moso manje ki soti sou tab
Small pieces of table food

Fè Premye Manje Mwen an yon Sèl Manje

  • Ban mwen sèlman yon sèl nouvo manje alafwa. Sa ede m ajiste ak nouvo manje.
  • Fè li fen lè w ajoute lèt tete oswa lèt. Ofi amezi ou ka fè li pi epè.
  • Mwen ka manje apeprè yon ti kiyè pou kòmanse ak answit plis pandan mwen abitye manje nan yon kiyè.
Tann omwen 3 jiska 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje.
  • Fokis sou manje mwen tolere yo. Ofri m sa ou konnen mwen renmen ansanm ak yon nouvo manje. Mwen pral renmen varyete a.
  • Chèche siy alèji a manje tankou vomisman, souf anlè, dyare, gratèl po, oswa enflamasyon. Si mwen gen yon reyaksyon kont yon nouvo manje, rele pwofesyonèl swen sante mwen an oswa mennen m nan sal dijans la.

Mwen Bezwen Manje Jan Mwen Vle

  • Mwen pral ouvri bouch mwen si mwen vle plis manje.
  • Mwen ap kite bouch mwen fèmen oswa vire tèt mwen si mwen pa vle plis manje; pa fòse m manje.
  • Mwen ka krache manje a oswa fè yon grimas ak vizaj mwen. M ap aprann nouvo gou ak kijan pou m deplase manje nan bouch mwen.
  • Si mwen pa renmen yon bagay, tann yon semèn epi kite m eseye li ankò. Mwen ka bezwen eseye yon nouvo manje 10 fwa anvan mwen renmen li!
  • M ap gen manje ki tonbe sou men m, nan figi m ak nan cheve m. Eseye pa estrèse akòz dezòd la. Se pou w fyè de mwen pandan m ap aprann manje.
  • Kite m manje poukont mwen avèk men mwen oswa yon kiyè. Mwen itilize machwè mwen pou kraze manje epi lang mwen ak dwèt mwen pou m deplase l nan bouch mwen.
  • Manje avè m nan dine fanmi nou. Mwen manje pi byen lè w avèk mwen. Etenn televizyon ak telefòn pou nou kapab pale.
baby playing with food

Kite M Konsome Manje ak Dwèt Mwen

Apati 8 oubyen 9 mwa, mwen ka vle konsome manje ak dwèt mwen. Ou toujou bezwen itilize yon kiyè pou ba m manje, men kite m eseye manje poukont mwen tou.

Fè manje yo san danje pou m yo pa toufe m.

Manje ou ka manje ak “dwèt” san danje se:

  • Ti moso legim ki kwit oubyen fwi ki mou
  • Ti moso vyan ki kwit, poul, oubyen kodenn
  • Pwa ki kwit ki kraze, jòn ze, oubyen tofou
  • Nouy ki koupe oubyen diri
  • Yon bouche pen griye, bonbon sale senp, oubyen tòtiya mou
Fè moso manje yo pa pi gwo pase zong pous ou.

Ki kantite mwen ta dwe manje?

Mwen bezwen manje apeprè 5 a 6 fwa chak jou. Yon repa ta ka lèt tete oswa lèt tibebe, oswa yon repa ta ka lèt tete oswa lèt tibebe plis sereyal tibebe. Kòmanse ak 1 oubyen 2 gwo kiyè nan chak manje. Ban m plis si mwen vle. Mwen gendwa pa manje tout bagay ki nan asyèt mwen. Pandan m kòmanse ap manje plis, ou kapab ban m 2 oswa 3 kalite manje nan yon repa.

Men kèk ide:

6 - 8 mwa

2 gwo kiyè pèch pire

Meal for baby aged 6 to 8 months
PLIS lèt tete oswa lèt tibebe

3 gwo kiyè sereyal avwàn ti bebe

8 - 10 Mwa

3 gwo kiyè diri mawon kwit

Meal for baby aged 8 to 10 months
PLIS lèt tete oswa lèt tibebe

3 gwo kiyè pire pwa

1 gwo kiyè poul kuit, rache

10-12 Mwa

2 gwo kiyè zaboka rache

Meal for baby aged 10 to 12 months
PLIS lèt tete oswa lèt tibebe

3 gwo kiyè pat grenn antye kwit, rache

Kite m manje jiskaske m montre siy vant mwen plen. Mwen kapab fèmen bouch mwen, vire oubyen souke tèt mwen, oubyen leve men mwen anlè. Mande m si vant mwen plen. Answit, kite m sispann manje si mwen vle fè sa.
Baby drinking water from a cup

Li Lè pou yon Gode

Lè mwen gen 6 mwa, ou ka ban mwen yon ti kantite dlo pandan mwen ap aprann bwè nan yon gode.

Sekirite Manje

  • Nou bezwen lave men nou anvan nou fè manje m oswa anvan nou ba m manje.
  • Mete manje m nan yon ti asyèt epi ban m manje l ak yon kiyè bebe.
  • Jete nenpòt manje, lèt tete oubyen lèt bebe ki rete nan yon bibwon, gode oswa asyèt apre m fin manje.
  • Pa chofe manje m nan mikwo-ond. Li kapab boule bouch mwen.

Entwodui Manba

Apre mwen fin eseye lòt manje solid, prezante m manba. Fè sa ka itil si fanmi nou gen alèji ki gen rapò ak manje oswa ze, tankou egzema oswa lòt pwoblèm po.

Gaye yon ti manba fen sou yon ti bonbon sèl oswa melanje l ak sòs pòm ak kannèl epi gaye l sou yon ti pen. Siveye m pandan 2 èdtan k ap vini yo pou asire w ke mwen pa gen yon reyaksyon.

Child laughing joyfully
Manje pou Evite
Mwen bezwen manje ki bon pou laj mwen epi ki pral ede m grandi pi byen.
Mwen pa bezwen ajoute sik, sèl, grès, oswa aditif. Tann pou ofri m ji jiskaske mwen gen omwen 12 mwa.
Pa ban mwen manje ki ka toufe mwen, tankou:
  • Legim kri
  • Bekonn
  • Rezen antye
  • Pwason ak zo
  • Tchip pòmdetè, mayi, oswa tòtiya
  • Pòpkòn
  • Sirèt ki di
  • Nwa
  • Òtdòg
  • Ti baton kawòt
Epitou, tanpri pa ban m manje ki ka fè m malad, tankou:
  • Lèt bèf
  • Vyann ki ra oswa kri
  • Siwo myèl oswa manje ki fèt ak li. Siwo myèl pafwa gen bakteri (Clostridium Botulinum) ki ka fè ti bebe malad. Mwen pa ta dwe gen siwo myèl jiskaske mwen gen omwen 12 mwa.

Jwe ak mwen!

Mete m sou yon dra sou planche a. Mete yon jwèt yon ti jan lwen mwen pou m ka bouje pou m pran li. Woule yon balon ban mwen. Kenbe toulède men m epi kite m mache ak ou.

Gade kisa m ka fè!

Mwen renmen aprann de ou. Fè lekti pou mwen. Chante yon mizik. An nou fè jwèt tankou peek-a-boo. Mennen m al mache epi montre m nouvo bagay. Mwen aktif — toujou siveye mwen!

6 jiska 9 Mwa
9 jiska 12 Mwa
6 jiska 9 Mwa
Mwen ka chita epi woule. Mwen pral kòmanse ranpe ak rale. Mwen renmen souke bagay epi lage yo atè pou m wè sa ki rive.
9 jiska 12 Mwa
Mwen renmen itilize men mwen. Mwen ka kenbe gode mwen an. Mwen renmen pwente ak dwèt mwen epi fè orevwa. Mwen di da-da ak ma-ma. Mwen ka soulve kò m pou m kanpe.
Mom playing happily with her baby

Kenbe m an sekirite ak an sante

  • Mwen bezwen egzamen ak vaksen pou m rete an sante. Mwen ta dwe vizite pwofesyonèl swen sante mwen an nan laj 6 mwa, 9 mwa, ak 1 lane.
  • Siye jansiv mwen ak yon twal pwòp, mouye, aprè mwen fin manje. Mande dantis la si mwen bezwen fliyò.
  • Pa janm mete m nan kabann ak yon bibwon. Mwen kapab trangle, gen zòrèy fèmal, oswa gate dan mwen.
  • Si lòt moun ap ban m manje, asire w yo mande kisa ak ki kantite mwen manje.
  • Kite m eksplore ak aprann. Gade chak chanm menm jan m pral gade l apati planche a, epi rann li sekirize ou mwen.
  • Kenbe m lwen sigarèt, tabak, ak tout lòt lafimen oswa vapè. Lafimen atake poumon m epi l ka fè m malad.
  • Pase senti sekirite nan yon chèz timoun nan machin anvan nou kondwi yon machin ak mwen. Se sa lalwa di! Enstale chèz mwen an nan chèz dèyè machin nan, fas dèyè.
Klike la a pou aprann plis sou sekirite chèz machin.

Pou jwenn plis sipò, kontakte WIC Breastfeeding Peer Counselor lokal ou a pou kesyon ou ka genyen sou bay tete.

Delaware Wic Site Logo

Kontakte nou

Konte New Castle
Hudson: (302) 605-4066
West End: (302) 605-6653
Northeast/Claymont: (302) 605-4099
Imèl: nccwic@delaware.gov

Konte Kent
(302) 605-1833
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: kentwic@delaware.gov

Konte Sussex
(302) 605-4055
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: sussexwic@delaware.gov

Resous yo

  • Gid sou revni
  • Sipò WIC pou Alètman
  • Delaware WIC Kliyan Portal
  • Instagram
  • Facebook
  • Youtube

Imèl: dewicprogram@delaware.gov

Enstitisyon sa a se yon founisè opòtinite egalego.
Klike la a pou deklarasyon USDA ki pa diskriminasyon.

Cookie PolicyRèg sou enfòmasyon prive

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

    Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, apeprè 4 jiska 6 fwa nan 24 èdtan.

    Tibebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans anviwon 6 mwa daj epi yo ka manje pi souvan.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou nan lèt ki gen fè ladan. Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    Itilize lèt tete oswa lèt tibebe pou prepare 2-4 gwo kiyè sereyal tibebe ki gen fè ladan. Ofri de fwa pa jou.

    2-4 gwo kiyè ti moso pen sèk, ti bonbon sèl, ak sereyal. Ofri de fwa pa jou.

    Grains
    Legim

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Legim Kuit, pire, kraze.

    Vegetables
    Fwi

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Fwi Kuit, pire, kraze. Sòs pòm, pire pèch, oswa fig kraze.

    Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason, oswa legim an pire, kraze oswa pire.

    Ka ajoute yogout lèt antye lis.

    Pou dilye manba, sèvi ak sereyal tibebe oswa yogout lèt antye.

    Proteins

    Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

    Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete
    Kontinye bay tete sou demann, 3 fwa oswa plis chak jou.
    Lèt Tibebe

    16-24 ons chak jou. Ofri nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal pou tibebe WIC apwouve.

    Pen griye sèk, ti biskwit, pen, bagèl, woulo, oswa ponmkèt òdinè.

    Diri ak nouy ki kuit.

    10-12 Month Grains
    Legim

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Moso legim kwit gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Vegetables
    Fwi

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Fwi fre, kale, ak nan pòsyon gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Manba fen, lis.

    10-12 Month Proteins

    Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

    Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, omwen 4 fwa nan 24 èdtan.

    Si tibebe w la sanble mwens enterese nan tete apre ou fin prezante solid, eseye bay tete anvan ou ofri solid.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou.

    Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal tibebe òdinè ki gen fè ladan.

    Diri oswa pat òdinè.

    Biskwit ti bebe, ti moso pen, oswa tòtiya mou.

    8-9 Month Grains
    Legim

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Legim òdinè ki kwit, kraze ak yon fouchèt.

    8-9 Month Vegetables
    Fwi

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Fwi mou kale an moso ki gwosè yon bouche.

    Fwi nan bwat san sik.

    8-9 Month Fruits
    Pwoteyin

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Fwomaj kotaj oswa fwomaj dou.

    Manba oswa nwa fen, lis.

    8-9 Month Proteins
    I'm Hungry
    I'm Hungry

    Konsèy

    Mom new born home

    LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

    Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

    Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

    Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
    feeding solid foods

    BAY MANJE KI SOLID:

    Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:
    • Ka chita epi kenbe pwòp tèt li.
    • Louvri bouch li lè li wè manje.
    • Ka fèmen bouch li w ap foure yon kiyè nan bouch li.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

    Entwodui bè manba a lè tibebe a gen 6 mwa konsa. Melanje yon ti kiyè bè manba ak lèt tete oswa lèt an poud. Fè l vin likid epi fasil pou vale. Sèvi ak yon kiyè pou ba l yon ti goute nan pwodui a. Siveye nenpòt reyaksyon pandan 2 pwochen èdtan yo.

    Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

    Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

    Endis Alimantasyon

    Mwen Grangou
    Vant Mwen Plen
    Mwen Grangou
    • Stirring
      Ajitasyon
    • Mouth opening
      Bouch louvri
    • Turning head seeking/rooting
      Vire tèt chache/rasinen
    Vant Mwen Plen
    • Releases or falls off
      Lage oswa “tonbe”
    • Turns away
      Vire
    • Relaxes and opens fists
      Rilaks epi ouvri pla men l

    Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

    Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tibebe w la tete sou demann, omwen 7-9 fwa nan 24 èdtan.

    Lè tibebe w la kòmanse fè dan, li ka vle tete pi souvan.

    Lèt Tibebe

    25-45 ons nan 24 èdtan.

    Tibebe w la bezwen apeprè 4-6 ons lèt ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Tibebe w la ka kòmanse manje selon yon orè. Olye pou w konsantre sou kantite fiks, kite tibebe w la di w lè li pran ase.

    Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

    Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
    Pouse Kwasans
    Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
    Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
    Yo souvan rive nan laj sa yo:
    two-three-weeks
    2 jiska 3 Semèn
    six-weeks
    6 Semèn
    three-months
    3 Mwa
    six-months
    6 Mwa
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tete 8-12 fwa nan 24 èdtan pou ede tibebe w la rete an sante.

    Bay tete sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou, tankou souse men oswa souse bouch.

    Lèt Tibebe

    Nan premye jou yo, tibebe ki fèk fèt yo bezwen 2-3 ons lèt pou tibebe ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Nan fen premye mwa a, tibebe w la bezwen anviwon 4 ons chak 4 èdtan.

    Bay manje sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou.

    Ki manje mwen ka jwenn?

    Lis Manje Otorize

    Ki kote mwen ka achte?