W Ap Elve Timoun? Pwoteje TÈT Ou Kont Alkòl Ak Dwòg

Kòmanse

kote ou ye a

Elve timoun se kòmansman yon long pakou... epi li mande anpil travay! Tout bagay ou fè pou pran swen tèt ou ak pou rete an sante, se yon mwayen tou pou pran swen pitit ou.

Sonje, ou pa poukont ou. Pran yon jounen alafwa. Li pa janm twò ta pou kòmanse retablisman w.
Priyorize retablisman w.
Swen pèsonèl se swen timoun.

Sonje, ou pa poukont ou. Pran yon jounen alafwa. Li pa janm twò ta pou kòmanse retablisman w.

Priyorize retablisman w.

Swen pèsonèl se swen timoun.

Mande

èd

Li nòmal pou santi w boulvèse. Kreye yon ekip sipò ozalantou w, lòt adilt ki fè w konfyans epi ki kapab sipòte w, pitit ou, ak retablisman w. Ekip sipò w la ka gen ladan l:

Yon enfimyè oswa yon travayè kapab rankontre w lakay ou oswa defason vityèl pou ede w pran swen tèt ou ak swen pitit ou depi premye ane lavi l yo. Pwogram sa se yon pwogram ki gratis e ki ochwa.

Yon pwogram gratis ki sipòte devlopman pitit ou a swa avèk sèvis adomisil oswa sèvis sant gadri yo.

ask-for-help

Rete S.A.F.E.1

Elve timoun se yon travay ki difisil, youn ki mande anpil atansyon, sitou si w ap eseye asire sekirite yon tibebe oswa yon timoun piti. Asire sekirite yon timoun vle di prete atansyon ak anviwònman kote y ap viv, jwe ak domi. Konsomasyon dwòg oswa alkòl ka rann li difisil pou yon paran pran swen pitit li. Si w santi w pa kapab asire sekirite pitit ou a, mande yon lòt adilt ou fè konfyans èd.

1. Premye Ane a: Pwojè Journey a. https://journeyrecoveryproject.com/the-first-year/.

Preskripsyon

Natirèlman, timoun piti yo kirye epi yo ka gen aksè ak nenpòt dwòg oswa medikaman yo preskri ke w pa konsève nan yon espas ki asire. Yo ka, san fè eksprè, vale oswa manje yo bagay ki pa bon pou yo. Toujou kenbe preskripsyon ak nenpòt dwòg oswa medikaman kote timoun yo pa ka jwenn yo, de preferans nan yon amwa medikaman ki fèmen a kle. Jete ansyen medikaman sou preskripsyon yo nan tout mezi sekirite. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou konsève ak jete medikaman yo nan tout mezi sekirite, ale sou helpisherede.com.

Tabak

Lè paran ansanm ak moun k ap bay swen yo ap fimen ak itilize sigarèt elektwonik toupre tibebe ak timoun piti yo, sa kapab afekte sante timoun yo. Sou 7,000 sibstans chimik ki nan lafimen tabak omwen yo konnen 250 ladan yo nwizib epi 69 ladan yo bay kansè1.

Ekspozisyon segondè ak ekspozisyon tèsyè mete timoun piti yo arisk pou yo gen pwoblèm aprantisaj, enfeksyon nan zòrèy, opresyon, oswa pwoblèm respiratwa ki pi danjere lè yo trape yon grip oswa viris2.

PA gen yon kantite lafimen segondè ki san danje (lè w respire lafimen nan lè a yon moun k ap fimen toupre a degaje, sitou nan yon espas ki fèmen tankou yon kay oswa machin) ak lafimen tèsyè (yon tibebe rale toksin sa nan rad la, cheve, ak nan po moun k ap fimen an.)

Vapotaj

Sigarèt elektwonik ak vapotaj danjere pou jèn, jèn adilt, fanm ansent oswa adilt ki pa konsome pwodui ki gen tabak aktyèlman3.

Yo fè maketing pou yo kòm pwodui ki “mwen danjere”, men, an reyalite, yo “pa san danje.” Dènye rechèch John Hopkins University yo te revele te gen apeprè 2,000 sibstans chimik nan anpil pwodui vapotaj ki popilè4.

Menm jan ak lafimen segondè a, si w respire vapè/ayewozòl segondè, ou ekspoze ak nikotin, ansanm ak tout lòt sibstans chimik yo. Tanpri, kenbe likid vaporizasyon yo (sa vle di, Likid elektwonik/Ji elektwonik) lwen timoun ak zannimo domestik paske li vrèman toksik lè yo vale yo oswa lè yo antre nan po yo.

Gen anpil fason pou w yon paran3

Jan ou ye a, ou bon pou w paran. Ou pa bezwen gen yon pase ki diferan. Pa gen anyen ou dwe ratrape.

Se pou w prezan kounye a menm, nan nivo w kapab, avèk pitit ou a. Asire sekirite, lanmou, estrikti ak limit. Pitit ou a bezwen w, pou w la jou apre jou, pou li.

3. Fanm ki gen Timoun ki Pi Gran: Pwojè Journey a.
https://journeyrecoveryproject.com/women-with-older-children/.

Gen anpil fason pou w yon paran3

Jan ou ye a, ou bon pou w paran. Ou pa bezwen gen yon pase ki diferan. Pa gen anyen ou dwe ratrape.

Se pou w prezan kounye a menm, nan nivo w kapab, avèk pitit ou a. Asire sekirite, lanmou, estrikti ak limit. Pitit ou a bezwen w, pou w la jou apre jou, pou li.

3. Fanm ki gen Timoun ki Pi Gran: Pwojè Journey a. https://journeyrecoveryproject.com/women-with-older-children/.

Resous

pou sante mantal ak adiksyon

Maladi mantal ak adiksyon kapab afekte nenpòt moun. Okenn moun pa gen dwa fè fas ak difikilte pou kont li. Chwazi pi bon fason pou resevwa swen an, isit la menm nan Delaware. Tout sèvis ki mansyone anba yo gratis atravè helpisherede.com, epi w ap jwenn nenpòt kalte referans disponib pou ou, kit ou gen asirans kit ou pa gen asirans.

Verite sou Fentanyl

Fentanyl se yon medikaman sentetik ki entwodui nan tout lòt kalite medikaman yo. Fentanyl ap parèt nan kokayin, ewoyin, marigwana, PCP, ansanm ak lòt dwòg lari — sa ki lakoz ovèdòz ak lanmò. Si w konsome dwòg, ou ka petèt gen risk pou pran fentanyl san w pa menm konn sa menm.

Medikaman San Danje Fason pou Konsève ak Jete

Toujou fèmen medikaman sou preskripsyon yo a kle pou anpeche yo tonbe nan men lòt moun. Jete preskripsyon ou pa vle ak preskripsyon w pa itilize yo nan youn nan bwat depo medikaman sou preskripsyon ki nan Delawareyo.

Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.

Konsèy

Mom new born home

LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
feeding solid foods

BAY MANJE KI SOLID:

Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:

Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

Prezante manba anviwon 6 mwa. Gaye yon ti manba oswa nwa fen sou yon ti bonbon sèl. Veye tibebe w la pou wè si gen nenpòt reyaksyon pandan 2 èdtan apre yo.

Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

Endis Alimantasyon

Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.

Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
Pouse Kwasans
Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
Yo souvan rive nan laj sa yo:
two-three-weeks
2 jiska 3 Semèn
six-weeks
6 Semèn
three-months
3 Mwa
six-months
6 Mwa

Ki manje mwen ka jwenn?